TKSK: KOUMAN POU FÈ FOTO SOUP? – KONSEY 3 ak 4

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Nan seri aprann fè foto manje jodi ya nou pwal kontinye wè kouman nou ka fè foto soup. Pouki soup ? Pase kòm mwen tè di nou li déjà mwen twouve yon soup de fwa trè raz pou fè foto li si ou pa kreyatif fotow la riske ase banal.

44 – KOUMAN POU FÈ FOTO SOUP? – KONSEY 3 ak 4

Yon soup (tankaou kèk lòt bagay senp ke nou a palae sou yo pi douvan) pa toujou vreman yon bagay ki gen relyèf, se sak li ka difisil pou reyalize yon bèl foto avèl. Men jodi ya map baw kèk trik ki ka pèmèt ou fè bliye ke wap fè foto yon bagay senp pou mete aksan an dòt aspè …

3- Ajoute koulè

Pafwa ou dwe oze jwe sou koulè ya. Montre soup ou yo lè w vide yo nan resipyan ki klè epi pote aksan koulè Harmony toutotou.

Nan foto ki anwo a, aranjman an trè kolore ak yon background koulè wouj violèt ki ale parfe ak koulè oranj la. Aranjman sa gen yon ti foulay ladan pase li fè kèk moun panse yo te wè yon smoothie olye yon potaj soup jòmou. Se efè kolore a nan sèn lan, itilizasyon vè ak yon kalimèt (chalimo) ki te bay enpresyon sa a. Men, li se yon soup jòmou.

4- Chanje veso

Mwen natirèlman rive nan nouvo pwen sa a: vide soup ou yo nan resipyan ki pa yon bòl oswa yon plat gwo twou san fon. Ranmase ti boutèy an vè, bwat fèblan (retire etikèt yo), pran yon bèl ti marmite, tas kafe, vè, yon karaf elatriye … Gen anpil posiblite pou orijinal nan sans saa.

Pase yon bon madi, randevou kase pou lòt semenn pou plis toujou.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : laphotoculinaire.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.