TKSK: 5 ti konsey ki ka ede nan fè manje lè ou fèk kòmanse.

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya mèkredi jou kote nou ka pale sou tout bagay ki gen rapò ak gastronomi san baboukèt,san nou pa mete fokis sou yon tèm an patikilye. jodi mwen deside ale senp map ban nou 5 ti konsey ki ka ede nan fè manje sitou lèw poukont ou, oubyen lèw fèk koumanse

Kwit manje se yon don pandan tou li se yon syans. Li se kominyon pafè ant de domèn diferan sa yo. Chak moun ki deside fè manje kòm pasyon distraksyon oubyen metye gen pwòp ti konsèy pratik pou fè lavi yo pi fasil nan kwizin nan oswa amelyore sèten pla. Malgre ke lis la ta long long anpil se sèlman 5 mwen pote pou nou jodi ya.

  1. Mete yon kiyè an bwa sou yon chodyè dlo kap bouyi pou anpeche li moute vide deyò veso a. Sa trèzitil pou lè ou bezwen kite kwizin nan pandan yon ti tan ki pa long pandan diri oubyen pat ou ap kwit!
  2. Si diri ou twò kwit, kouri lavel anba dlo frèt pou retire eksè lanmidon li gen ladanl. Vide li epi chofe l nan yon chodyè sou ti dife.
  3. Bè pa sipòte tanperati ki wo. Pou anpeche li vin nwa lè w ap kwit vyann oswa pwason, ajoute yon ti gout lwil pou bè w ka chofe san li pa boule.
  4. Si fèy vèt ou yo ta koumanse fennen, tranpe yo nan yon melanj dlo frèt ak sik pou bayo eskanp epi fè yo parèt komsi yo fre.
  5. Bouke kriye pandan wap koupe zonyon? Mete zonyon ou yo nan frizè a pou 10 minit anvan yo kale yo epi koupe yo. Ou ka mete yo tou nan yon bòl ki ranpli ak dlo frèt pou kenbe yo fre pou 30 minit. Zonyon pa renmen fredi, pasaj yo nan frizè a ap anpeche rejè gaz yo. (mensi sa pa obligatwaman mache pou tout moun)

Bon mèkredi !

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : santeplusmag.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.