TKSK: PENNES à la viande

Jodi ya nan jedi tansyon nou pote yon lòt resèt petidejene nan sa mwen te rekòmande nan 21 jou menu tansyon san presyon. Manje maten dwe mete yon fen nan grangou omwen 12 zèd tan san manje ki ta dwe nomal si nou pase nwit la ap domi …

Manje tansyon pou jodi ya se PENNES à la viande
PÒSYON: pou 6 mouns (oubyen 6 repa pou yon moun)
PREPARASYON : 15 minit
TAN POUL KWIT : 30 minit

ENGREDYAN
• 375 g ou 13 zons makawoni (PENNE) ble antye
• 1 ti kiyè lwil doliv
• 1 zonyon rache
• 454 g (1 liv) bèf rache fen
• 600 ml (2 tas ¾) sòs tomat ki ap gen sèl
• 1 konkonm koupe an ti kib
• 80 g (1 tas) djondjon rache
• 2 kiyè basilik seche
• 1 kiyè poud lay
• Pwav

PREPARASYON

Nan yon marmite sou chalè ki pa twò cho, kite dlo a bouyi epi kwit pat la dapre enstriksyon ki sou pake a. Epi koul kwit degoutel nan yon paswa.

Pandan se tan, nan yon pwèl ki sou ti dife, chofe lwil la epi sote zonyon an pou 2 minit. Ajoute vyann lan epi sotel sou chalè medyòm pou 7 a 8 minit oswa jiskaske li pa woz ankò.

Nan yon marmite, konbine pat la, vyann, sòs tomat, pat la, dyondyon ak kondiman yo. Kwit yo sou ti chalè, pa fatige brase pandan 5 a 6 minit.

Akonpayman
sèvi ak yon sòs salad oswa legim kri (kawòt, bwokoli, pwav wouj, elatriye).

SIGESYON
Ou lib pou ajoute lòt legim pou amelyore sòs vyann lan.

ENFOMASYON SOU SANTE

Konpare ak pat blan, pat ki fèt ak ble antye gen plis fib. Sa yo ede kontwole apeti, sik nan san, kolestewòl ak tansyon. Sèvi ak yon salad vèt ak ti tomat seriz ak rondèl konkonm oswa legim kri (kawòt, bwokoli, chou, konkonb ak tomat)

VALÈ NITRISYONÈL POU CHAK PÒSYON
• Kalori 465
• Lipid 14 g
• Sodyòm 300 mg
• Glisid 61 g
• Fib 80 g
• Pwoteyin 26 g

Bon Jedi ! @ Demen pou vandredi teknik

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : viepratique.fr.

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.