TKSK: 5 lòt ti konsey ki ka ede nan fè manje yon jan poul gen mwens grès (2)

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya mèkredi jou kote nou ka pale sou tout bagay ki gen rapò ak gastronomi san baboukèt,san nou pa mete fokis sou yon tèm an patikilye. jodi mwen deside ale senp map ban nou 5 lòt ti konsey ki ka ede nan fè manje yon jan poul gen mwens grès

Kijan pou kwit manje pou diminye kantite grès ou ap met nan kòw ?

6. Kwit ak sote manje nan yon istansil ki trete poul pa kole (antiadhésive) epi sèvi ak lòt zouti kwizin ki fèt yon jan pou kenbew an sante.

7. Abiye tou moul wap fè manje ak papye ketray olye pou benyen yo ak grès.

8. Prepare sòs ak krèm nou yo avèk lèt ekreme oswa lèt 2%.

9. Eseye fè sandwich ou, e menm desè avèk krèm si, yogout, ak fwomaj ki pòv nan grès.

10. Ranplase kèk nan grès ki nan pwodwi kwit ak patisri ak konpòt pòm. Se engredyan sekrè ki pi fè mòfin avwàn ak pòm e kanèl gen yon gou espesyal!

Bon mèkredi !

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : finedininglovers.fr

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.