TKSK: Blanchir

(Vandredi teknik)

Jou vandredi se jou nou fè yon rale sou teknik yo sèvi nan domèn kwizin oubyen fè manje (sa nou rele gastronomi ya). Nou fè ti bat bouch saa, swa pou nou prezante yon teknik moun pa twò konnen, swa pou nou detaye yon teknik moun konnen men nan jan kòrèk pou li fèt. Nou esplike kisa teknik saa fè nan transfòmasyon manje ya pou nou ka konsome li. Jodi ya nou pwal pale sou teknik nan kwizin ki rele blanchir la :

ESKE TOUT BAGAY BLANCHI MENM JAN, ESKE SE YON SEL BLANCHI KI GENYEN NAN KWIZIN ?

Lè nan kwizin eske lè nou di blanchi, eske se toujou menm bagay, oubyen eske yo nou blanchi tout bagay menm jan ?
Non. *An reyalite, blanchi nan kwizin anglobe plizyè operasyon diferan selon pwodwi debaz. Parekzanp blanchi yon legim (pou retire pike a oswa pou retire lanmidon) oswa yon ridevo nou blanchi li fèl kenbe kòl.

Poukisa nou blanchi yon pwodwi na kwizin ? Pou retire pike nan sèten legim, anvan nou kwit yo nan lòt fason. Se youn nan jan pou prepare yon pwodwi ki ap ede nan dijesyon li.

Ki jan ou blanchi legim yo?
Nou plonje yo nan dlo bouyi sale pou kèk moman oswa minit, apre sa, nou retire yo epi plonje yo nan yon veso ki gen dlo glase pou stope kwison manje ya. Lè sa a, ou ka prepare yo jan ou vle.

Legim ke yo blanchi : chou, epina, leti, pwa vèt, pwaro, seleri, aspèj, kawòt, elatriye…

Ki jan ou blanchi pou retire lanmidon ?
Poukisa blanchi pou retire lanmidon an (ou toutomwen yon pati nan lanmidon an) ki soti pandan premye bouyi a ? Koumanse ak plonje pwodwui ya nan dlo frèt sale, apre nou bouyi yo (yo rele “kòmanse ak dlo frèt”). Lè yo bouyi (san refwadisman) lè sa a, ou kwit yo jan ou vle…

Manje konsène: pòmdetè, mayi, diri, legum, patat, manyòk

Ki jan ou blanchi vyann ?
Ou blanchi vyann pou pirifye (oswa degrese), desale oswa fè moso vi n pi fèm. Pousa Kòmanse ak dlo frèt: plonje vyann lan nan dlo frèt, ajoute sèl, apre kitel bouyi a sou gwo dife.

Pyès ki konsène: abat, vyann kochon sale, zo, blankèt…

Randevou kase pou vandredi pwochen dòt konsèy teknik

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto :

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.