TKSK: Kouman pou diminye kantite sodyòm nan manje ou

Jodi ya mèkredi jou kote nou ka pale sou tout bagay ki gen rapò ak gastronomi san baboukèt,san nou pa mete fokis sou yon tèm an patikilye. Men men si jedi ya poko rive jodi ya mwen vini ak 4 ti konsèy pou edew dimnye sèl nan saw ap kwit.

Kouman pou diminye kantite sodyòm nan manje ou

1. Kwit manjew oumenm osi souvan ke posib, avèk ti kras oswa san sèl nèt. Sèvi ak vèsyon ki gen mwens sodyòm nan pwodwi tankou sòs soya, sòs tomat, kondiman, soup, ti biskwit ak pwason nan bwat.

2. Fè pwòp vinegrèt ou ak lwil doliv, vinèg aromatize, ak fèy epis fre oswa seche.

  1. Goute manje ou anvan ou sale li. Sezonnen asyèt ou yo ak fèy, epis santi bon, lay, jenjanm, zonyon, vinèg ak sitwon oswa ji sitwon olye pou chèche gou ladanl nan met sèl.

Bon mèkredi !

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : zeste.ca

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.