TKSK: SOLE A LA MOUTARDE

Jodi ya nan jedi tansyon nou pwal bay resèt sou you lòt nan petidejene mwen te rekòmande nan 21 jou menu tansyon san presyon. Manje maten dwe mete yon fen nan grangou omwen 12 zèd tan san manje ki ta dwe nomal si nou pase nwit la ap domi …

Manje tansyon pou jodi ya se yon SOLE A LA MOUTARDE

Sole se non jenerik yon gwo kantite espès pwason, jeneralman plat, kap viv kouche sou fon sab, jeneralman mawon sou yon bò, krèm blan sou lòt bò a ak kèk eksepsyon. Tèm “Sole” la pa klè paske si li deziyen an premye espès fanmi pwason « Soleidae », tèm sa a tou itilize pou fòme non lòt espès pwason plat, menm pou fòme non espès ki pa plat. tankou sole ponpe ya

PÒSYON: pou 4 mouns (oubyen 4 repa pou yon moun)
PREPARASYON : 20 minit
TAN POUL KWIT : 30 minit

ENGREDYAN
• 1 ti kiyè lwil kanola
• 1 ti zonyon wouj, rache mens
• 2 pye seleri, koupe mens
• 1 ti pwavwon wouj, koupe mens
• 500 ml (2 tas) dlo
• 200 g (1 tas) lòj kale, rense
• 2 ti kuiyè origan seche
• 1 ti kiyè poud lay
• 1 zongle sèl
• 4 filè sole pou apeprè ototal 100 g (3.5 Oz) chak
• 2 ti kuiyè moutad Dijon
• 30 aspèj
• Ji 1 sitwon
• 1 ti kiyè lwil oliv

PREPARASYON
Nan yon gwo marmite, sou dife ki pa twò cho, vide 1/2 gwo kiyè lwil kanola epi sote zonyon an, seleri ak piman an pou 1 minit. Ajoute dlo, lòj ak kondiman. Tan yo koumanse bouyi. Koul koumanse bouyi kouvril epi kitel kwit sou ti dife pou anviwon 20 minit oswa jiskaske likid la konplètman absòbe.
Pandan se tan, ak yon kiyè, bwose filè pwason sole la ak moutad. Apre sa sote yo nan yon dife ki pa twò cho nan lwil kanola ki rete a epi kwit filèt yo pou 2 a 3 minit sou chak bò.
Nan mikwo ond lan, kwit aspèj yo ak yon ti dlo pou 4 a 5 minit oswa jiskaske yo kwit men san yo pa vin mou. Etire dlo ladan yo nan yon bòl, melanje ji sitwon an ak lwil oliv, apresa vide sou aspèj la.
Sèvi filè sole la ak lòj la legim epi aspèj la.

ENFOMASYON SOU SANTE
Moutad dijon se yon engredyan ideyal pou bay gou san ou pa sèvi ak sèl ki vreman pa bon ou ki fè tansyon.

VALÈ NITRISYONÈL POU CHAK PÒSYON
• Kalori 375
• Lipid 10 g
• Sodyòm 155 mg
• Glisid 45 g
• Fib 12 g
• Pwoteyin 28 g

Bon Jedi ! @ Demen pou vandredi teknik

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto : papillesetpupilles.fr

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.