«Just For you» pa banm sipriz.

Nu Look finalman soti album li an. E san sipriz, Arly pa chanje fòmil. Si m’ ta gen yon repwòch pou album lan, se ta sa.

Men an menm tan tou, poukisa pou Arly ta chanje yon fòmil ki mache ? Se avè l’ li fè tout siksè nou konnen yo, se fòmil sa fanatik Nu Look yo renmen !

Mwen dakò tou ak Arly ki pa kite siksè lòt djazz enfliyanse sou sa li vle, sa li abitye pwodui. Nu Look kenben orijinalite l’, se yon chwa Arly fè. Pa gen deba sou sa.

Kounye a an nou gade ki pwodui ki nan 17 mizik ki sou album lan.

Majorité mizik yo se yon konpa lejè ki anba yo, mizik pou danse, pou klere bouk sentiwon. Se pètèt la ke Arly suiv yon tandans ki ap mache depi kèk tan, ke yo ta vle rele ‘’compas love’’. La ankò¸se pa tèlman vre paske Arly ladan kèk jou, men sete plis nan tandans konpa dirèk.

Mizik yo an jeneral byen monte, byen òkestre, bon son, bon entèpretasyon. Kek nòt ki mande plis efò montre limit vokal maestwo a. Sa pa etone paske Arly plis gen yon vwa alto ke tenò.

Nan 2 mizik ki gen konpa dirèk la, Men Towo a fè «hit» kotel tonbe a. Gen 2 rezon ki esplike hit sa. Mizik la byen kanpe, byen anime, lirik la fasil pou chante e li mennen ou ale san ou pa rann ou kont. Mwen jwenn yon bèl sekans Tabou Combo anba l ki fè plèzi tande. Gitaris la awoyo ak solo yo epi Arly pran dife nan chante sa.

Men dife sa tou, se paske mizik sa se yon gwo polemik ak Klass. Se yon repons ak «4 ti chen»  Richie te pale yo. Arly fè yon bèl repons nan mizik sa, san di betiz. Tablo a telman bèl li gentan vann avan li al ekspoze.  

Lòt bagay pou nou remake sou album sa, se varyete ke Nu Look anbrase a. Rabòday se yon desizyon pou mete plis koulè lakay sou album lan. Arly envite yon atis, yon DJ ki fè zam li, repitasyon li nan mizik rabòday. Pou mwen se jis nomal, pa gen anyen pou ajoute sou sa.

Men mizik sa montre tou ke Arly pa gen limit «konpa love» la ak konpa dirèk. Arly ka pwodui nan tandans sa tou epi pèfòme ladan. Map jis tann pou m’ wè konpòtman li nan yon entepretasyon «live», sitou lè Tony Mix ak Shabba pap akonpaye l.   

Mizik ki rele «Jean Robert» la (bon kisa Arly genyen li paka di Jan Wobè a ?), se yon bèl pwojè ki antre nan nan m’ mwen. Mizik la monte sou yon estyl « bossa compas » (pou mwen li plis sanble blue bossa ke bossa nova).

Mwen viv, an silans, men rejwi, mwen absobe, mwen vwayaje… Epi rive 2:22 mesye a deside vire nan gwo bout konpa. Sa pa deranje m’ twòp, men mwen tap prefere ke Arly fini sou menm estil la pou pote yon lot koulè sou album la. Bon se deja yon lòt koulè men li te dwe dire plis ke sa. 

Pèsonèlman sa ki deranje m’ sou album lan se solo gwo kòd gita a. Se vre se li ki fè aktyalite nan mizik la depi kèk tan paske se li ki sewòm klere bouk sentiwon an. Yo menm rele l’ «solo gouyad». Anpil djazz pa jwe san solo gwo kòd la. Nan sans mwen li deranjan, e m’ toujou di solo gwo kòd men longè a, se manke talan ak enspirasyon. Poutan, anpil nèg ka fè gwo kòd yo montre nou, plizyè fwa, bel talan yo nan solo ki gen gou sik ak myèl. Gwo kòd la se solo gouyad e se sa piblik la renmen. Humm. 

Lòt bagay ankò se kèk nòt two long sou sèten mizik. Sa ou pa renmen se li konn fè plezi lòt moun. Sanble nòt long yo bonife plenyen an, ki se mak fabrik mizik Arly yo ki fè siksè nan mitan fanatik li yo.

Maestwo chapo! 17 mizik sou yon album : gen pou tout gou, tout zòrey. Annatandan map mache pran towo a, avan Jean Robert (yayay Jan wobè oh oh) rive sou mwen.

PrinceFran.

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.