Ki chantè ki konn chante? Kilè yon chantè konn chante?
Kesyon sa yo tounen tanzantan nan koze mizik Ayisyen an, Li te sitou prezan nan diskisyon sou koze djaz konpa, kounye a li rive menm sou atis “solo” yo.
Plizyè animatè, analis, ak lòt fanatik mete aksan sou chantè ki pa detone, ki kenbe nòt wo, ki metrize sa yo ap fè ak vwa yo kèlkeswa mizik yo ap chante a.
Se pa yon move bagay. Omwen sa ap ankouraje chantè yo fè efò, amelyore tèt yo nan teknik ki gen pou wè ak itilizasyon kòd vokal yo ak respirasyon yo.
Poutan, menm si mwen rekonèt enpòtans teknik la, pèsonèlman, mwen pa panse se sa ki PI enpòtan pou detèmine yon bon chantè.
Anvan nou pa dakò
poze. koute.
EMOSYON
Ki premye wòl yon chantè? kominike!
E se kominike yon bagay byen presi: EMOSYON!
Ke se yon mesaj konsyantizasyon, denonsiyasyon. Ke se pawòl lanmou, ke se jis « gimik » pou fè moun chante oubyen ponpe, wòl chantè a se fè li « rive sou ou », jan nou di sa nan jagon mizik lakay.
Kidonk, anvan kèlkeswa konsiderasyon an, premye kesyon pou kalifye yon chantè kòm « bon chantè » se (ta dwe) eske lè se li menm ki chante yon mizik, li ede mizik la rive sou ou. Tout lòt bagay dwe nan sèvis pati sa a. Ke se « timbre vocal » la, ke se teknik li itilize pou sèvi ak vwa li, tou sa dwe travay pou rive nan pase emosyon an. Gen plizyè ka kote chantè ap fè pèfòmans vokal, ap mete polis kouche sou mizik, men yo pase a kote sa yo te dwe fè a ki se fè mesaj la pase. (Nou ka jwenn kèk egzanp nan apresiyasyon sa a ke mwen te fè pou albòm Konpalojik la: https://tipiti.biz/…/02/27/konpalojik-piece-de-collection/)
Konsa tou nou ka jwenn yon chantè, lè ou pran san ou pou koute, ou reyalize gen kèk ti fay, men ou pa ka di li pa konn chante, paske sa l’ap di a rive travèse ou.
ESKE « chanter juste » PA ENPÒTAN?
Jan mwen di li nan kòmansman an, li gen enpòtans li.
Lè yon chantè metrize teknik la, li gen plis atou pou li fè emosyon pase. Men teknik sa dwe rete yon mwayen pou fè emosyon pase e non objektif final la.
Menm jan an, enpèfeksyon nan « justesse technique » la pa yon pwoblèm toutotan li pa deranje zòrèy nan nivo pou li retire atansyon ou sou emosyon mizik la ta sipoze ba ou.
TI LÈT FEN
Pou mete diskisyon an nan yon lòt nivo, nou ka gade tou ki plaj emosyon chantè a kouvri. Yon chantè ki bon nan fè moun ponpe e ki fè sa sèlman, menm si li toujou chante « juste », eske li pa gen mwens merit ke yon lòt ki ka fè ou ponpe, kriye, reflechi, souke tèt ou…menm si lè ou al chèche, ou jwenn kèk fay nan jan li pran ou kenbe nòt yo?
Se menm jan ak yon aktè ke yo ta toujou chwazi pou jwe wòl ki ale ak tanperanman natirèl li, konpare ak yon lòt, kèlkeswa nan wòl ou mete li a, ou reyalize li chita ladann.
* * *
Mwen espere nou rive konprann demach mwen an ki pa di detone, fosnòt… pa enpòtan oubyen sa pa dwe konsidere; men pito, se pa sa ki pi enpòtan. « Justesse » nan chante se yon zouti ki dwe pèmèt chantè a atenn objektif li pi fasil. Objektif ki dwe rete « pataje » yon bagay ak piblik la.
ATANSYON:
1. Konsiderasyon sila yo pa pran ankont konkou chante yo (Tankou The Voice, elt) kote yon bon pati nan konkou a se teknik la ki pi enpòtan, se li ki kritè pou jijman yo.
2. Pou fasilite lekti mesaj la, mwen ekri sèlman « chantè ». Men mo a konsidere chantèz yo tou.

Soyez le premier à commenter