Sa se Kanaval ! (5e ak 6e semèn)

Tankou chak ane, kou epòk sa rive, anpil ayisyen branche kanaval. Anplis de plezi, defile, yayad, ak taye banda ki gen nan twa jou gra yo, kanaval nan peyi Dayiti chita sou mereng gwoup yo ap sòti pou okazyon an. Ane sa ankò depi kòmansman mwa janvye a tout moun te gentan branche radyo ak entènèt pou veye ki mizik kanaval kap sòti, kiyès ki pi bèl, kiyès ki pi popilè, kiyès ki di plis pawòl piman bouk, kòman polemik lan ye, kiyès ki pral merite al sou cha pandan defile twa jou gra yo. Se yon tradisyon tou pou nou koute mereng diferan gwoup ki sòti yo epi bay dizon pa nou.

sasekanaval

Jou gra yo preske rive,  nan kèk vil tankou Petyonvil ak Jakmèl se nan wiken sa a yo pral fete kanaval la.  Pifò gwoup pou nou pa di tout, sòti kanaval yo deja. Apre sòti gwo tenò yo, anpil moun neglije al tande ki kanaval ki sòti, nou fè gwo erè; gen kèk lòt bèl mereng ki pran lari nan 2 dènye semèn sa yo e nou pwal pale nou de kèk nan yo ki atire atansyon nou.

Triomec’s san konplèks

Se avèk anpil plezi ke mwen tande Kanaval Triomec’s la pou ane sa.  Se youn nan gwoup ki fè yon bèl kanaval men ki pa benefisye de vizibilite anpil lòt ki medyòk nan nivo mizikal. Triomec’s se youn nan premye gwoup kite soti nan konpa, pike devan pou li ale nan yon stil ki rapwoche de ban a pye ak mizik rasin “Zero bare” – Kanaval 1998, avèk  “Nou Bouke” an 2014 Triomec’s fè yon melanj nan ritmik li a, li toujou gen kote ban apye a men avèk pike devan tradisyonèl konpa. Yon Mizik chofe, yon mizik beton ki byen aranje e ki chaje melodi. Kote tèks, nou pa jwen yon gwo tèks men li pa move, kèk moun ka repwoche Triomec’s  ke lap fè yon pwopagand politik.

Eddy Brisseau Bon Mizik nan Kanaval

Si yon moun ap chache mizik ki gen kalite, nou paka pase a kote de travay Eddy Brisseau. Tankou li te fèl avèk “Sipan Pale Kiki” nan okazyon kanaval 2002 nan “Bon ti Jan” nou jwen yon mizik koul avèk bon jan aranjman enstriman a van, piyano bass ak pèkisyon. Tout enstriman yo detache e ou ka tande travay yo chak ap fè nan mizik la. Tèks la se yon « Omaj » a fanm Ayisyèn men ak anpil imaj ak pwezi.  Si kanaval sete sèlman yon konkou bon mizik Eddy Brisseau tap jwenn cha. Eske Mizik sa pa ka soulve foul tankou sa ki pral Gonayiv la ou byen eske nou fè yon chwa ?

Mission ak Project Boys 2 gwoup pou nou dekouvri

Gen anpil lòt gwoup ke nap jwen nan lis la ki fè bèl kanaval, men mwen vle pale de 2 gwoup sa yo ke moun pa konnen men ki fè yon bèl travay. Mission se yon gwoup konpa ki ak yon Mizik Kanaval ki rele “Yon lòt jan”  fè yon bèl travay. Yon kanaval ritme ak yon tèks ki chita sou tèm kanaval la.  Project Boys se yon nan gwoup Rap ki gen yon bagay pou ofri nan tandans sa. Yo gen yon bon bit menm lè tèm “Boboz” la pa gen sans pou mwen kanaval la amizan anpil. 2 gwoup sa yo merite yon ti atansyon spesyal.

Men lis group nap propoze nou

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.