Wozo – BélO

BélO - Haiti DeboutAyiti cheri ouk manman libètè
Ou son bèl fanm, ki pa sante
Bèl kout plim ou nan listwa limanite
Sa fè de ou senbòl fyète
Ou pa fanm pot ròb pou bèl twal
Men’w se yon fanm 5 etwal
Jodi-a ou tranble w’ manke tonbe
Men’w mèt rejwi paske’w pwal leve pi fre

Ou se wozo, ou se wozo
Ou mèt tandew pliye ou pap kase
Nou se wozo, ou se wozo
Ou mèt tande’w pliye, ou pap kase

Blick Bassy

Kiki wozo di ngonla
Di ngonlaga ndi ri mbougui bé
Kiki ong di gwéba
To yom toyada iga bok bé béss
Manduru ma bi lélél i long yéss
Ma ndjosguè ma bipar béss mi nèm
Kiki wozo di nla horop di tém di tèlep
Hèmlè bassogol ba bi yiklè béss

Se pa premye fwa move tan ap pase
Nou frape, nou la, n’toujou kenbe
Nou pase siklòn, nou pase tanpèt
Nou pa janm dekouraje
Se pa pwemye fwa, gwo dlo brote ale
Ti rekolt ak tout sa’n posede
Toutan nou la, fò’n viv ak lespwa
Si’n travay nap leve

Ou se wozo, ou se wozo
Ou mèt tandew pliye ou pap kase
Ou se wozo, ou se wozo
Ou mèt tande’w pliye, ou pap kase

Madanm, mare senti’w sere mouchwaw’
Menm si nou tonbe fòk nou leve
Bassogol sogol béss
Ba ga hola béss
Di yé bon bap
Balal bap
Nou se wozo nou se wozo

Ou se wozo, ou se wozo
Ou mèt tandew pliye ou pap kase
Ou se wozo, ou se wozo
Ou mèt tande’w pliye, ou pap kase

Menm si’w pliye ou pap kase
Wi ou pliye ou pap kase e
Nou se wozo ou se wozo
Nou se wozo ou pap kase

Album Haiti debout (BélO), 2011

 

 

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.