Ayiti leve – BélO

BélO - ReferenceMwen gen plis twa jou’m sou de pye’m,
Pa gen lonb, yon ti van pa soufle’m.
M’moute mòn m’tonbe nan platon,
M’pa jwen yon sous, pa menm yon lagon.
Si djakout mwen pat chaje,
La fen tap gentan manje’m.
Si djakout mwen pat chaje,
La swaf tap gentan seche’m.
Bagay sa a fèm mal,
Li fè mwen santi

M’ta krye, krye krye
Lè’m wè kijan peyi’m nan ap kraze
Mwen ta rele,
m’oblije mande Ayiti leve

Li pa nòmal, sou zile Quisqueya-Boyo,
Anpil moun ap soufri pou ti gout dlo.
Li pa legal, pou yon pwoblèm lopital al,
Frè nou yo ap soufri ak vant fè mal.
Timoun yo ap mouri ak djare.
Gran moun yo pa gen kay pou rete.
Peyizan dekouraje plante.
Yo Koupe bwa boule.
Nou gen lè pa wè Ayti kraze,
Nou gen lè pa wè 2004 pase,
Nou gen lè pa wè peyi’m nan kraze,
Ayiti cheri sa fè twòp tan wap dòmi

Leve leve !
(Ayiti leve)
Leve mache !
Jou pa’w la rive
Leve leve,
Ayiti leve,
Leve mache
Jou paw la rive…..

Bridge
Wo yo yo yo yo yo yo, nan nan nan nan nan
Mezanmi sa fè’m mal, mezanmi mwen santi

M’ta krye, krye, m’ta rele

Album Référence (BélO), 2008

 

 

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.