Gade Lèw – Jean Jean Roosevelt

jean-jean-rGade lèw

Ou fè tankou ou pa wè

Gade  lèw

Ou  fè tankou ou pa konprann fanm (bis)

I

Ou pa konprann fanm kap vann mabi

Fanm kap vann ze bouyi

Ou pa konprann

Ou di se fanm tèt mare

Fanm malerèz, fanm defavorize

Poutan se fanm kap chèche lavi

Solèy la pli pa di anyen

San yo , pap gen kafe le maten

San yo pap gen spageti ni aleken

Nan swè fanm sa yo koule agronóm ak medsen

Nan bak fanm sa yo fri avoka politisyen

(Réf)

II

Ou pa konprann fanm ki lekol CDI

Fanm ki lekol BIWI

Ou pa konprann

Ou di se fanm tulututu

Fanm kap pale pwentu

Kap di bonsoirrrrr, comment vas-tu ?

Toi-même même

Ça fait longtemps que je ne t’ai pas vu

Poutan se fanm ki kwè nan konesans

San yo dwa fanm pap respekte

San yo batay la pap ka kontinye

Yo se fanm ki konprann ke yo ak gason egal ego

Yo pa aksepte anba pye pou foule dwa yo

Toujou prèt  pou rele DANIELLE ST LOT OU MAN LOLO

III

Alors dis-moi,

Quand ça va se terminer toutes ces discriminations,

Marginalisation, exclusion à l’encontre des femmes

Alors dis-moi

Quand est ce que vous allez enfin comprendre que la vie est comme une chanson

Et ce sont les femmes qui donnent le son, le ton, le flow

 

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.