Pa koute moun yo
Pa koute moun yo
Pa koute moun yo travay yo mèt pale
Wap travay, pouw vanse
Yon lòt menm chita lap palew mal
Lap ret tan, pou’w tombe
Poul ka di se toutafè nòmal
Li pran anpil plezi kritikew
Alòs ke li pap jamè ede’w
Se li kap taye zèb anba pyew
Pandan wap mandel sipòtew
Pa koute moun yo
Pa koute moun yo
Pa koute moun yo travay yo mèt pale
Pa koute yo, moun sa yo se jwèt yo yap jwe tande
Pa koute yo, siw koute yo ou pap avanse
Lavi sa a se yon bisiklèt, se anpil efò’k pou fèt
Si ou sispan pedale ou pap janm rive
Gen de moun, se gòm chiklèt ou menm fòk ou tèk tèk
Yo pa janm voye wòch sou yon mango ki vèt
Oooooooo
Ttavay map travay
Ooooooo san kon kiyès kap peye mwen
Oooooooo
Travay mvin travay
Oooooooo, pa kite lajan bare je mwe
Oooooooo
Travay fòm travay
Pa mande kiyès kap peye mwe
Oooooooo
Travay fom travay
Lajan paka egare mwen
Pa koute moun yo
Pa koute moun yo
Pa koute moun yo travay yo mèt pale
Lyrics: Jean BélOny MURAT (BélO)
Music: Jean Bélony MURAT (BélO)

Soyez le premier à commenter