Groovy – BélO

Anye anyewo, anye anye wo

Se nan yon pwent kafou, bò simityè lavil
Yon ekip rastaman, desan al pran plezil
Yo pa bezwen gwo mwayen pou santi yo byen
Koute reggae, danse, koute Bob Marley tout la jounen

Groovy groovy groovy

Rastaman pa janm nan pale anpil
Positive vibration, radyo a pil
Yo se sèl sou katye a ki pap tan kouwan
Pou koute reggae yo endepandan

Groovy groovy groovy ( rasta..)

Manmanm pa janm vle’m met pye la
Li pa vle’m frekante rasta
Li dim yap fèm fimen gandja
Boule kaya, moute faya
Rasta entèresem anpil
Yon jou manmanm al petyonvil
Mwen pwofite poum apwoche yo
Tou piti mwen abòde yo

 

Bridge
Rasta, banm yon priz nan mouvman (yo repon)
Blada, pou moute nan tren lamitye a
Ou pa bezwen viza

Anye anyewo, anye anye wo
Dread pa dread pa nan tèt,
Rastaman se nan kè

Rasta, banm yon priz nan mouvman (yo reponn)
BélOva, moute nan tren lamitye a
Epi (groovy groovy groovy)
Lache zepòl (groovy groovy groovy)
Fè tankou Paul (groovy groovy groovy)
Rajah

 

 

 

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.