Ozana (Dixie band)

11 fevriye 1986. Lari Pòtoprens tèt anba. Dechoukaj, kraze brize. 11 fevriye se dat Madigra te tonbe pou ane 1986 la.

Se te dwe «madigra»: fèt kanaval nan peyi a, e prensipalman nan kapital la, sou Channmas, ki tradisyonèlman akeyi pi gwo defile evènman sa a. Men 5 jou avan, Jean-Claude Duvalier, prezidan avi peyi a te kite pouvwa a nan yon anbyans dezòd ak kraze brize kifè 11 févriye 1986 pat gen kanaval.

Poutan, jan sa te konn abitye fèt, depi apre fèt Lèwa, 6 janvye, radyo te kòmanse jwe mizik kanaval. Gen kèk djaz ki te menm gentan soti mereng pou ane a. Kanaval tankou «Bwa Mapou» de Coupé Cloué te gentan popilè. Te genyen tou yon lòt mereng ki, menm jan ak Bwa Mapou, ta pral disparèt, men li menm,  lòt djaz ta pral kopye l…anndi pito…PIYE L’ pou fè kanaval pa yo nan ane lontan apre. Mereng sa a se te «Ozana» Dixie Band!

Dixie Band pat gen lontan depi li te kòmanse fè kanaval. Se ta pral 4e patisipasyon li sèlman. Men sa te deja ase pou zèv li make kanaval la.

Dixie Band se djaz Tuco Buzi, batè sa a ki pase l de prezantasyon. Li te jwe nan Fantaisiste de Carrefour, Skah Shah, Frères Dejean e travay ak anpil lòt gwo mizisyen, tankou Robert Martino, Eddy Brisseaux, Mushi Widmaieir. Li te travay tou avèk Raymond Cajuste ki ta pral chante youn nan pi gwo siksè Tuco, Tonton Relax.

Men se an 1983 ke li ta pral poze anprent li sou kanaval la.

Si latwoublay politik yo ta pral akselere apre pawòl Pap Jean Paul II lè vizit li nan peyi a an mas 1983, revolisyon Dixie a nan kanaval te pran devan depi janvye menm ane a ak kanaval ki te rele Simeon an.

Mereng sa a te sanble yon koktèl de tout sa ki te bon nan kanaval epòk la. Anpil refren fasil pou moun chante, pawòl betiz degize ki fè moun ri, bon gwouv pou fè w ponpe, anpil melodi pou mennen w ale, yon aranjman ki pèmet ou respire ak anpil bèl tranzisyon ki te eksprime yo nan yon montaj koyeran. Kanaval 10/10!

An 1984, Dixie pral konfime ke kalite Simeon an se pat yon aksidan. Demonte Moulen te nan menm liy la.

1985, se pral ane polemik ak lòt djaz yo. Mizisyen Scopio Fever, apre yon akwochay sou won pwen nan youn nan dimanch prekanavalesk yo pral eksplike sa ki te pase a nan radyo, nan emisyon yon animatè vedèt epòk la, felix Lamy. Dixie pral mansyone sa nan kanaval yo a. Selon Tuco Buzi li menm, Bossa Combo te pran frap pa li tou.

An 1986 donk, Se an Tenor ke Dixie te konte prezante li nan kanaval. Mereng li a ki te rele OZANA te vle raple tout moun eksplwa djaz la pandan tout ane pase yo. Yo te deja fè 3 bèl kanaval, yo tap mennen 3 a zero sou tout moun e OZANA se te 4è gòl la.

Nan koze politik, ke makak ki kase, bonbòch demokratik, peyi vin konnen anpil boulvès. E statyon radyo nou yo ki te deja pa gen bon renome nan zafè achiv pat rive byen konsève kanaval ki te soti an 1986 yo. Konsa, apre kèk ane, kanaval Dixie a ta pral disparèt. Kèk fanatik malad kanaval ki te viv epòk la te kenbe melodi yo ak kèk pawòl nan memwa yo, men radyo pat pase yo ankò. E sa ta pral pwofite a kèk mizisyen anapre. ki ta pral pran nan kanaval 1986 Dixie a pou fè siksè pa yo.

1990, yon fenomèn komanse pran nesans nan mizik la. Sweet Micky. Apre premye kanaval li yon lane avan, li pral soti “Mache sou yo”. Petèt kanaval li fè ki te gen plis siksè.

Tèt kanaval la sanble selman enspire de kanaval Ozana a. Men pati ki te plis fè siksè kanaval la li menm pa gen dout de orijin li. Sitou lè nou tande Tico ka p bay kote bagay sa a soti.

T-Vice tou, ta pral pwofite de travay Dixie a. E la a tou, pa gen okenn dout sou kote li pran pati sa a ki nan kanaval 2009 li a.

Simeon 1, demonte moulen 2, Toto Brik a Brak 3… an selman 3 lane, Dixie Band te revolisyone Kanaval la. E pa selman nan aranjman ak liy melodik yo, men tou nan kalite son an. Se youn nan bagay ki repete souvan lè moun ki te viv djaz la ap pale de li. Sou pakou a, son Dixie te enpresyonan.

Gen rezon regret ke Dixie pa tap janm fè lòt kanaval ankò. Tuco te gen plan fè yon kanaval 100% rasin an 1987. Ozana a te deja anonse sa nan rara ki te byen entegre ladan ni.

Malerezman, eksperyans la ta pral kanpe la. 1986, abit la te sifle avant pwologasyon. Kanaval la pa gentan fè pakou channmas la. Men Dixie te gentan choute penal la. Penalite gòl gòl nèt. 4 – 0!

Remerciments à Ulrick Tuco Bouzi, Marc-Arthur Pierre-Louis, Réginald Pierre-Lous, Frantz Fleurantin, Joel Widmaier. 

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.