TKSK: kouman pou konsève ji sitwon fre pou plizyè mwa

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Trè souvan wap fè yon resèt ou byen ou jere yon ti kòktèl epi yo mande ji sitwon fre. Gen de pwoblèm sèjousi: sitwon ra (pase yo konsome l’ anpil pou kowona ak ti lafyèv) e si ou ta jwenn li depi ou fin pije l’, li okside vit, li pa rete fre lontan.

Alòs kouman pou konsève ji sitwon ou fre pou plizyè mwa ?

Nan espas yon semen gwo mamit sitwon an pase de 400 HTG nan bon pratik pou vin jwenn li nan mache nwa a 2000 HTG. Tout moun ki ap sere gaz ta renmen sere sitwon menm jan an. Men sitwon depi l’ rete li vin rabougri, li vin sèch. Chak semèn ou ka oblije ap jete sitwon pouri.

Sepandan malgre tou gen yon teknik pou kenbe ji sitwon dèmwa e dèmwa : Lè sa a, jis friz li.

Men ki janw fè sa:

  1. Peze dis sitwon ala men oswa avèk yon juicer.
  2. Vide ji ki fèt la nan yon plato kib glas.
  3. Mete yo nan frizè a.
  4. Le ou bezwen ji sitwon, demoule epi dekonjle yon kib.

Koulye a, ou ka estoke ji sitwon ou pou yon tan trè lontan 🙂 Li trè pratik pou kuit manje ak fè ji sitwon le maten rapid vit.

Li vin fasil pou ofri envite ou yo limonad! Ak teknik sa a lè sitwon bon mache ou achte epi ou estoke! Lè li monte ou byen li ra, ou gen sitwon pou fonsyone. Pratik, pa vre?

Bon mèkredi !

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: aidersonprochain

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.