TKSK: konbat asid sou lestomak

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se samdi jou « kuizin, famasi lakay »

Jodi ya map pale ou de asid sou lestomak. Se vre ke lè yon moun di li gen « Brûlure d’estomac », sa ka vle di yon pakèt lòt bagay ki ka afekte zòn nan vant ak èzofaj li. Se yon pwoblèm ki fè mal anpil ak difisil pou fè fas. Keseswa sansasyon boule nan vant lan oswa sansasyon nan boule ka moute nan gòj la (sa rele remonte asid, oswa «reflux gastrique») kelkilanswa se tankou yo ta pran yon kouto yap depatcha ou pa andedan. Otan li fè mal otan li difisil pou trete.

Sansasyon, “brûlures” sa yo ka rive apre yon repa ou byen lè ou fin bwè gròg ou, men pa nesesèman. An reyalite ou gen yon ti valv nan lestomak ou ki ogmante kantite asid ka vide nan lestomak ou. Ouvèti valv sa gen rapò avèk jan ou manje; se pou sa ou ka pran yon seri desizyon ki ka anpeche sa rive.

Kijan pou fè sa ?

Remèd gran moun sa a (tankou medikaman ou pral jwenn nan famasi pou pwoblèm sa a) gen yon efikasite yon ti jan relatif. Men, de nenpòt ki fason, li merite pou eseye.

Youn nan premye bagay ou ka itilize se lèt, ki aji kòm yon pansman gastrik. Ou ka eseye tou luil oliv (yon ti kiyè anvan repa), yon lòt medikamen trè zefikas se ajil (yon ti kiyè deleye nan yon vè dlo), Bikabonak (yon ti kiyè nan yon vè dlo). Si anyen nan medikamen sa yo pa mache? Ou ka pran choukrout (ki fè ak chou sèlman)!

Gwosès
Si gen egrè letomak makonnen ak monte asid yo pandanw ansent (li nòmal). Malerezman, pou anpil moun ki pwal manman sa rive chak jou. Sa rive akòz boulvèsman nan òmon yo, men tou paske ti bebe a peze sou vant lan. pran ti pasyans sa pap dire tout tan

Bon samdi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.