TKSK: Konpòt

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodiya se Konpòt (« Compote ») !

Lèw tande konpòt, ki sa ki vini tou swit nan imajinasyon ou ?

Yon konpòt se yon preparasyon fwi, antye oswa koupe an moso, triye, lave ak degoute, ke ou kuit nan dlo oswa natirèlman ak sik.

Pou fè preparasyon an, mete fwi a nan yon mamit ak yon ti dlo ak sik. Kuit li pou 20 a 30 minit. Kantite sik pou ajoute nan fwi ya varye de 150g pou yon kilogram fwi dous jiska 500g pou chak kilogram nan fwi ki asid. Konpòt, yo sèvi sa cho oswa frèt, nan yon konpotye poslèn oswa nan yon bòl kristal.

Kounye ya lè ou tande sa ou te ka mande eske konpòt la se pa konfiti ?

Konpòt ak konfiti se de jan pou kwit fwi an moso. Men Konpòt la gen mwens sik pou ajoute ak mwens tan pou kwit pase konfiti ya. Sa vin fè yo dwe manje konpòt la byen vit, pandan ke konfiti a, ki fèt ak fwi ak sik nan pwopòsyon egal, se yon pwodwi prezèvasyon, ou pa oblije manjel touswit.

Pase yon bon lendi.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: Marmiton

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.