FARINAY

Getting your Trinity Audio player ready...

Kontrèman ak sa anpil moun ka panse, premye albòm Mizik Mizik se pa DeGer. Djaz la pa fòme non plis an 1993.

Mizik Mizik egziste depi 1986 e premye albòm li rele Farinay (1989). Li te gem kèk mòso sou li ki te jwe nan radyo yo.

Pa egzanp mizik ki rele « Pa kite l’ ale » a te jwe anpil. Se vre tou ke anpil moun konn panse ke se Zenglen ki fè mizik sa a paske se Gary Didier Perez ki chante li.

Albòm Farinay la gen patisipasyon anpil gwo non (ou ki ta pral vin gwo non nan apre):
anplis Gary Didier Perez, nou ka site: Beethova Obas, Eddy Brisseaux, Albert Chancy, Emeline Michel, ak mizisyen ki ta pral fòme Boukman eksperyans yo tou.

Se ak mòso « Pa kite l’ ale » a ke n’ap envite ou dekouvri oubyen redekouvri Farinay la. Pa ezite chèche lòt mizik yo pou plis plezi. Epi sonje di nou sa ou panse de albòm nan.

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *