NUMBER ONE MUSIC BAND

NUMBER ONE MUSIC BAND se yon albòm ki soti an 1980.

Nan ane sa a, Skah Shah te kraze. Yves Arsène Apollon fè kont ak kèk nan lòt mizisyen yo, kite gwoup la epi rantre Ayiti al fòme «Les SKAH-SHAH d’HAÏTI». Loubert Chancy, kite gwoup la tou epi soti yon albòm Solo.

Rès mizisyen yo ki pat ka kontinye itilize non « Skah Shah» soti yon albòm sou non NUMBER ONE MUSIC BAND. Albòm sa a te gen 2 mizik sou li: Nostalgie du Carnaval ak Hey Ma fille.

Men Loubert Chancy pa ta pral rete deyò twò lontan. Nan menm ane a li retounen nan djaz la e yon antant jwenn pou gwoup la repran non Skah Shah. Yo ta pral soti yon albòm kote yo pral repran 2 mizik ki te sou albòm Number One Music Band nan. Nostalgie du Carnaval la pral rele La vie a belle (Lavi a bèl).

M’ap envite nou koute 2 vèsyon yo pou konparezon.

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.