PimbècHe

Albòm sa a se zèv yon gwoup ki te rele Shoo blak.

Anpil nan mizisyen yo ta pral suiv basis la, Jean-Baptiste Pierre, ki ta pral fòme Shoogar Combo ak benediksyon Gérad Chéry ki t’ap dirije Le Lambi nan epòk la.

Albòm Pimbèche la soti nan lane 1977. Nan jan li sonnen ak nan òkestrasyon li, li raple anpil Shleu Shleu ah Skah Shah.

Se sou albòm sa a ki gen mizik «KIMBE DOS’M» (Kenbe do m’) ke DP express te mete nan Popouri «Ansanm Ansanm» ki sou albòm David la. Se sou albòm sa a tou ki gen premye vèsyon Lèlène (Sou albòm Shoo Blak la, li ekri Lèlenne) ki pral tounen petèt pi gwo siksè Shoogar Combo.

Se mizik sa a m’ap pataje ak nou, padan m’ap envite nou chèche koute rès albòm nan.

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.