TKSK: Kouman pou retire filè pwason an nan yon pwason ak yon kouto.

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Kesyon teknik mwen pote pou nou se « Kouman pou retire filè pwason an nan yon pwason ak yon kouto »?. Nan tèm teknik yo rele sa « Fileter un poisson »…

Kouman pou sèvi ak yon kouto, pran filè yon pwason. Map prezantew 2 teknik, youn lè pwason an gen fòm won, yon lòt lè pwason an plat.

a) Teknik filè pwason won:

Etap 1: Sèvi ak sizo, koupe najwa dorsal la, de najwa pektoral yo (sou kote sa yo), ak najwa ventral yo.

Etap 2: Mete pwason an plat sou tab la, koupe jis dèyè kote pwatrin la fini an epi koupe desann nan zo prensipal la san ou pa rive ladanl. Lè sa a, glise kouto a orizontal nan direksyon ke a pandan w ap swiv zo prensipal la.

Etap 3: Repete etap de ya sou dezyèm bò pwason an. Kenbe zo prensipal la ansanm ak tèt la ak ke pou fè stock (Yo rele sa fon pwason ou byen fumè).

Etap 4: Sou kèk pwason, li pral posib pou kite po a sou li pou kwit manje ya, sepandan li pral nesesè pou etire ekay pwason an kan menm anvan ou retire filè li (ou ka toujou mande kote yo vann ou pwason an pou yo netwayel pou ou – etire trip etire ekay). Pou lòt ka yo, li pral nesesè ou retire po a. Pou fè sa, mete filè ya a plat, epi fè yon antay nan po a anba. 1 cm (½ pous) anvan fen ke a, fè yon ti koupe nan vyann lan san ou pa koupe po a. Lè sa a, mete kouto a plat epi glise li adwat agòch jouk ou etire po a. Epi trap de filèw pare.

b) Teknik pou filè nan yon pwason plat:

Etap 1: Teknik la pou pwason plat la yon ti jan diferan ak sa pou pwason won, paske pwason plat la gen kat filè olye de de. Sèvi ak sizo, tankou pou pwason won an, koupe de najwa yo ki sitiye sou chak bò nan pwason an.

Etap 2: Retire po a nan pwason an anvan ou pran filè ya. Fè yon ti koupe sou tèt ke a, grate po a ak kouto a dekole li yon ti kras epi sèvi avèk yon sèvyèt pou rale po a nan direksyon tèt la. Repete menm bagay la pou retire po a nan lòt bò pwason an.

Etap 3: Sèvi ak yon kouto filè ki byen file. Pou koumanse fè yon fant sou zòn zo prensipal la. Apre sa a, glise kouto a nan li. Suiv sans arèt yo pou retire premye filè a. Repete operasyon an sou lòt bò a. Lè sa a, vire pwason an sou lòt bò a epi repete operasyon anvan yo.

Kouto espesyal pou fè travay sa a li rele : « Couteau pour filet de sole ou bien filet de sole tout simplement »

Teknik sa a malgre esplikasyon li mande pratik, alòs m’ap pataje ak nou 2 videyo pou sa ka klè pou tou moun.

Randevou kase pou vandredi pwochen pou lòt teknik nan zafè fè manje.

Fè jan nou konnen pou 2 zyèm foul wikenn 2022 ya pase yon lòt jan 😊

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.