TKSK: jenjanm ka sèvi kòm anti enflamatwa.

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se samdi jou « kuizin, famasi lakay »

Jodi ya map palew de jenjanm ki ka sèvi kòm anti enflamatwa.

Ak kowona, ti grip, ti la fyèv la mwen konnen jenjanm vin alamòd anpil, mete sou ansyen kliyan ki te renmen bwè te jenjanm, oswa itilize jenjanm nan pou kuit manje. Men eske ou te ka itilize li pou soulaje doulè natirèl ?

Jenjanm gen gwo pwopriyete anti-enflamatwa ki ka atribiye a konpoze gingerol li gen ladan. Konpoze sa a se yon remèd pou trete doulè ki asosye ak gout…

Ki jan pou sèvi ak jenjanm pou li efikas kont doulè

  • Pou konsomasyon, ajoute 1-2 ti kiyè jenjanm moulen (oubyen pile) nan manje ou chak jou.
  • Pou yon tretman chòk, aplike yon pat jenjanm cho melanje ak yon ti curcuma nan zòn ki afekte a de fwa pa jou. Sepandan, evite aplikel nan yon blese louvri.
  • Ou ka tou, mete 1 ti kuiyè tranch jenjanm nan 1 tas dlo cho pou 5 minit, apresa bwè li 2 oswa 3 fwa pa jou pou, sa ede soulaje doulè.

Bon samdi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.