TKSK: Konbat tansyon ak Rejim «DASH»

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Nou sonje ke jodi ya se jedi tansyon. Semenn pase yo mwen t’ap di nou pou ogmante konsomasyon fib, sitou fib ki ka fonn nan dlo. Jodi a mwen ap vanse avèk nou nan sa yo rele Rejim «DASH».

SWIV YON REJIM KI SEN, VARYE AK EKILIBRE

Plizyè etid demontre enpòtans prensip ki tabli nan DASH (Dietary Approaches to Stop Hypertension) (konbat tansyon wo atravè yon stil manje sante). Rejim sa a suiv rekòmandasyon prensipal yo pou manje sante, kit sa ki nan Gid Manje Kanada a oswa sa yo ki nan rejim Mediterane a. Sètadi: anpil fwi ak legim, pwodui sereyal grenn antye, vyann mèg, pwason ak nwa, li rekòmande tou pou redui grès, vyann wouj ak sik konsantre (saw jwenn nan bwason kou kola, koka ak desè an patikilye ki nan kòmès la)

Etid yo fè sou rejim DASH la montre benefis plizyè eleman nitritif pou ede bese tansyon. Vreman vre, yon rejim alimantè ki rich ak potasyòm, kalsyòm, mayezyòm ak fib men ki ba nan grès satire ta pèmèt pi bon kontwòl sou tansyon wo konpare ak yon rejim ki ta senpleman pa gen sèl. Se poutèt sa rekòmandasyon yo pou rejim sa a yo enpòtan anpil.

Etid yo montre ke anplis jere tansyon wo, rejim sa a ta ka pi efikas ke tretman kap bourew ak medikaman ipotansif yo nan kèk ka. Toujou selon etid yo li ta menm nesesè pou swiv rejim alimantè sa a pou omwen de semèn anvan ou remake yon amelyorasyon nan bès tansyonw, men lè sa fèt benefis yo ta dwe vizib jiska uit semèn.

An gwo, eseye balanse meni ou a nan varye manje ou epi fè grangouw konfiyans pou detèmine konbyen manje ou bezwen.

Bon Jedi ! @ Demen pou vandredi teknik

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

foto kouvèti: maud-fontalirand-dieteticienne

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.