TKSK: Kouman ou ka fè yon chodyè boule tounen nèf?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Kesyon teknik mwen pote pou nou se « Kouman ak sel epi dlo bouyi ou ka fè yon chodyè boule tounen nèf »?.

Men teknik mirak la pou sove yon chodyè boule (san fwote).

Lè ou bliye yon marmite sou recho ak manje ladanl li ka vin tou nwa. Ou ka panse ou pèdi chodyè saa. Pa enkyete ou, sa rive tout moun! Èske fòk ou jetel? Erezman non. Gen yon teknik mirak pou netwaye chodyè boule ou san ou pa menm frotel! Teknik saa se mete sèl nan fon chodyè a epi bouyi yon ti dlo la danl.

Ki jan pou fè sa ?

  1. Kouvri tout fon chodyè a ak sèl fen.
  2. Ajoute dlo sou sèl la.
  3. Bouyi dlo a pou 10 min.
  4. Jete dlo nwa a nan twalèt la pou evite bouche evye ou.
  5. Pase eponj pou retire dènye rès kras nwa yo.

Men kijan pou rekipere chodyè boule ou san ou pa frote Fasil, rapid ak efikas Li toujou pi ekonomik pou fèl konsa ke achte yon nouvo chodyè, oubyen achte pwodwi chimik nan makèt pou detatre. Remake byen ke sekrè sa a travay tou ak yon kaswòl, yon pwelon, yon presto ki ta boule. Men, si w pa gen sèl, ou ka ranplase sèl la ak Bikabonat … Oswa gwo sèl lanmè!

Poukisa teknik saa mache?
Ki jan li posib ke tout kras nwa a ale byen fasil? Se gras a sèl ki ogmante tanperati dlo bouyi a pi wo pase nòmal. Kòm rezilta, tout manje boule yo ak salte ale san ou pa bezwen grate oswa fwoubi pandan yon pakèt èdtan. Eseye wa banm nouvèl.

Randevou kase pou vandredi pwochen pou dòt teknik nan zafè fè manje.

Pa bliye jodi ya se tèt wiken, fè saw konnen pou sa pase yon lòt jan 😊

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.