TKSK: yon remèd efikas pou Gòj fè mal ou ta dwe konnen

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se samdi jou « kwuzin, famasi lakay »

Sè jousi ankenn titous, anken maltèt, anken malgòj pa senp. Depi ou gen youn ladan yo tout moun anvi di ou al fè tès … (tousa nè pa bezwen)

Men yon remèd efikas pou Gòj fè mal ou ta dwe konnen.

Ou gen yon gòj fè mal, li anpechew vale, ou pa bezwen ale achte siwo chè nan famasi. Soulajel ak trete gòj fè mal la ak medikaman natirèl mwen pwal bawou la. Jis prepare yon gwòg ak sitwon, siwo myèl, lèt ak klou jiròf ladanl.

Kisa wap bezwen ?

  • 250 ml lèt (yon tas)
  • 5 klou jiròf
  • zès sitwon
  • siwo myèl

Ki jan pou preparel?

  1. Mete yon tas lèt nan yon kaswòl.
  2. Ajoute 5 klou jiròf yo.
  3. Mete yon ti kiyè zès oubyen ji sitwon.
  4. Ajoute yon gwo kiyè siwo myèl.
  5. Chofe tout bagay san kite yo bouyi.
  6. Bwè gwòg sa a chak swa anvan ou dòmi jiskaske malèz la pase.

Bon samdi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.