Pwomès

Se yon albòm Wooly St Louis Jean. Li tou fre, li pa dekachte lontan: 2018.

Se yon bouke son ak nòt. Yon mayaj Jazz ak yon chan Soul.
Yon vwa demi sèk, demi dous, pou pote yon chay pwezi k’ap koule anba men atis plim-e-ank!

Lòd mizik yo sou albòm nan pou anpil tou nan rann li agreyab. Ou ka koute li nenpòt kilè, men sitou nan sware, apre yon jounen bese leve, avèk yon ti tafya lejè (oubyen yon ti te), pou chase fatig, pou fè dòmi zyedou…

M’ap envite nou dekouvri albòm nan ak «Touris pa pran pòtre m’»,
yon tèks ki fè m’ souri…ki fè m’ reflechi… sou yon mizik ki nan liy tout albòm nan.

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.