La mort de la bête

Kanaval m’ ap envite nou dekouvri semenn sa a, make non sèlman ane 1982 a, men li make pi bèl (M pèsiste e siyen!) polemik ki janm egziste nan kanaval Aytiti! Se pral premye kanaval tou ki 100% nan polemik la.

Pou nou konprann kanaval sa-a, fòk nou ta remonte tout listwa Polemik DP Scorpio a. Men pou fè kout, n’ap rive sèlman nan lane anvan an.

1981, menm jan ak chak ane, Scorpio toujou ap tire pwent sou DP Express nan kanaval li yo. Apre Tren an (DP) te fin soti kanaval Bibwon (Biberon), Bèt la (Scorpio) ta pral mete kèk fawouch byen pike nan kanaval pa li a (Kaskèt). Ladan li te gen pawòl tankou:

«Gade ja ou rete ou rekonèt ou se yon timoun vre» (Paske DP ap pale de Bibwon).
Oubyen ankò: «Al monte bèso ou»…

Konsa, 1981 se ta pral gout dlo ki pral ranvèse vaz la. E 1982, DP te deside se twòp atò, fòk li fini ak sa:

«Ou fout enève m, ou fout anmède m’
Ane pase m’a pat di ou anyen, ane sila a, m pare pou ou!
»

Li soti kanaval «La Mort de la bête» la, kote li chante antèman bèt la:

«Nous annonçons avec infiniment de peine
La triste nouvelle de la mort de la bête.
Et le DP Express vous dira le reste
»

Se konsa Kanaval la kòmanse, sa ki ta pral ba li yon karaktè «Prémonitoire», paske 1982 se ta pral dènye patisipasyon Scorpio Universel (antouka vèsyon sa a) nan kanaval. Apre kanaval, Scorpio pral kraze e kite plas li a yon lòt vèsyon bèt la. Se pral yon lòt istwa n’a dekouvri yon lòt fwa.

Li enteresan tou pou sinyale kreyativite mesye DP yo pou yo pa site non rival la. Ou pito, pou yo sito non li san site l’ 🙂

«Towo, ou a kite frekan!
Belye, ou a kite frekan!
Pwason, ou a kite frekan!»

tou sa pou yp ka rive di:

«Scorpion, ou a kite frekan!»

Sètènman istwa si la-a mande pou pale de polemik la depi nan kòmansman rive jis nan bout li.
Nou ka koute yon emisyon mwen te fè sou sa nan adrès sila a. https://tipiti.biz/site/2014/02/03/passion-musique-14e-numero-1er-fevrier-2014/

annatandan, mwen envite nou apresye «La mort de la bête», petèt pi bèl kanaval DP Express, nan pi bèl polemik kanaval Ayiti.

Un commentaire

  1. 14 février 2022
    Reply

    […] sa a tap reponn dirèkteman 2 dènye kanaval DP Express yo: La mort de la bête ak […]

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.