Mazanza

Nou nan lane 1983. Scorpio Universel pa la ankò. Prensipal mizisyen yo kite depi ane pase. Pou asire relèv la, rès mizisyen yo mete kanpe Scorpio Fever.

Si albòm ke yo prezante piblik la gen yon sèten siksè, sitou mizik vakans la ki parèt depi 1982, li klè ke djaz la pa gen menm sipò sponsò ak lajan ke Scorpio Universel la.

Sou pakou a, Scorpio pral mizerab. Son an pat bon, Djaz la pat bèl. Se sitou dènye pati kanaval la ki pral sove li sou pakou a. (avèk atachman fanatik yo pou djaz la).

Poutan, tou sa pa dwe fè nou bliye youn nan pi bèl mereng kanaval polemik la: Mazanza!

Kanaval sa a tap reponn dirèkteman 2 dènye kanaval DP Express yo: La mort de la bête ak Zonbi.

Men entwodiksyon an:

«Rasanble !!! Rasanble!!! O! Rasanble!!!
fanatik Bleu et blanc yo vin koute.
Medizan yo mache pale:
Yo di ke nou pa egziste.
Yo chante libera nou,
Men nou kanpe pi rèd!

Sèlman yo pate janm konnen
Scorpio s’on bèt ki imòtèl.
Piti yo veye lang yo
pou bèt la pa pike yo»

Epi apre:

«Ou di m’ se soukouyan, Gade non MAZANZA:
Veye Zo ou, vete zo ou.
Depi ansan limen
se pou mazanza vole!

Nan kanaval Zonbi a, DP express vle fè konnen ke li pa rekonèt Scorpio Fever kòm rival li a:

«Ki mele m’ avè yo
Se pa vwazen m’ sa:
M’ pap okipe yo.»

Scorpio Fever pral reponn pati sa a ak entelijans: «Pa fè lach!»

«Si ou pa gen kè,
ou pa jwe pokè!
Ti vagabon piga ou fè lach!

Mare tèt ou sere vin’ pran zafè ou.
Pa met’ paten nan pye ou pou ou kouri.»

E se pa Leroy, nouvo chantè ki ranplase Tikit la ki pral chnate pati sa a,
men yon ansyen manm Scorpio Universel la. Li pral di:

«Piga ou vire lang ou
Lè bèt la ape pike ou»

Li enpòtan pou nou siyale tou pèfòmans François M. St-Preux (Ti François) sou gita a. Li te gen pou misyon ranplase yon lejann: Robert Martino. Li te reyisi fè sa avèk Brio!

Dènye pati kanaval Mazanza a, se rezon ki fè se li mwen chwazi prezante nou semenn sa a e sitou jodi 14 fevriye a. Se te yon selebrasyon fèt Senvalentan ki, nan lane 1983, te tonbe lendi gra.

Anpil moun te rele pati sa a «Marye pou 10» e solo kibòd la toujou rete grave an memwa tout moun ki te viv epòk sa a.

Si ou fè pati moun sa yo, mwen konnen ou ap kontan reviv souvni yo. Sinon, mwen envite ou apresye yon nan pi bèl mereng kanaval Polemik DP-Scorpio a: Mazanza!

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.