TKSK: «Céréales»

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodiya se « Céréales » ! Lèw tande mo sa gen anpil chans ke se kònflèks oubyen manje ti bebe ki vini nan tèt ou. Men eske se tout ?

Sereyal non jenerik divès plant ki fè pati fanmi « Graminacées », grenn ki gen lanmidon, ke moun itilize pou manje li, oswa pou bèt domestik yo.

Sereyal prensipal yo se ble, « sègle », lòj, avwan, mayi, diri, pitimi, sorgo ak sarazen (ki nan yon fanmi diferan, fanmi Polygonaceae yo) men ki gen grenn farin ki gen prèske menm estrikti ak konpozisyon ak sa yo ki nan fanmi Graminaceae an. Se pou sa yo ka anplwaye tou de fanmi sa yo pou menm rezon yo.

Tout sereyal yo ka itilize sou fòm farin lan, pou labouyi oswa gato, men se sèlman kèk nan yo ki ka fè pen. An reyalite pou fè pen, li nesesè pou yon sereyal rich ak Gluten li doue gen tenasite ak elastisite. Kondisyon sa yo se sèlman nan ble ak, nan yon pi piti degre, « seigle » ou jwen yo.

Pase yon bon lendi.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Fotokouvèti: Verival

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.