Respè

Albòm pou nou tcheke semèn sa-a rele «Respè». Li soti nan lane 2012 e se yon omaj ke Ralph Conde te vle pot bay kèk gwoup ki make li pèsonèlman.

Se yon repriz plizyè klasik mizik ayisyen an. Si majorite mizik yo se konpa, se pa sa sèlman ou ka koute pami 10 mòso ki konpoze albòm nan.

MIzik yo se entrimatal ke yo ye. (Gen kèk refren ki gen vwa, men yo pa anpil). Li melodik vwa ak kuiv yo, se gita ki fè yo. Sa bay albòm nan yon frechè patikilye.

Se mòd albòm ou ka koute nenpòt kilè, sitou lè ou bezwen yon ti kalm, pandan wap savoure kèk nòt ak melodi ki mache nan san ou.

Pou dekouvri albòm nan, m’ap envite nou tande «Bouki ac Malice» ki se yon repriz Frères Déjean. NOu deja konnen sa Dejan reprezante nan koze liy van, l’ap enteresan pou reyalize ki travay Ralph Conde fè sou mizik sa a.

Pa ezite tcheke rès albòm nan, ou va ban m’ nouvèl.

2 Comments

  1. Andryse Albert C.
    8 février 2022
    Reply

    Mèsi Tilou, men se ki kote nou ka jwenn albòm nan. M tcheke sou Amazon li pa disponib ankò

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.