Yon bèl lo kanaval

Eksepsyonèlman, semenn sa a se pa yon kanaval m’ap prezante nou, men 3.

Ant T-Vice ak Djakout Mizik., polemik la te cho! Sa te komanse nan lane 1994/1995 e li ta pral rive nan pi bèl moman li a pati 1999.

An 2000, se pral premye nan sa mwen pèsonèlman konsidere tankou bèl lo kanaval T-Vice la. (2000-2001-2002).
Nan 3 lane sa yo, T-Vice te vreman mete mereng kanaval li yo nan yon lòt nivo.

2002 Elikoptè a
Mwen pap twò rete sou Kanaval 2002 a. Se vre tout moun plis sonje li. Elikoptè. Se li ki te gen plis siksè. Jiskaprezan, lè T-Vice nan difikilte, li sèvi ak li. LI enteresan pou remake ke pati ki sitou antrenan nan elikoptè a se « Katakatakataka» ke Roberto Martino ap di a.

2001 Sa li ye!
Se te yon parantèz nan polemik la. Yon entèraksyon ak Sweet Micky.
Nan kòmansman kanaval 2002 a, T-Vice pral ekpslike:

«Se yon bagay mwen t’al regle:
Mwen pat’ ale pou mwen rete!»

Se pat vreman yon polemik ant T-Vice ak Sweet Micky, men pito yon fason pou Mesye Martino yo te envite Michel Martelly, ki te gen yon pwoblèm pèsonèl ak Roberto Martino, fè polemik olye di betiz ak antre nan vi ak pèsonalite pwòch T-Vice yo. Kanaval la pat manke bèl melodi, takou sa ki te pote tèks sa-a:

«Ou pa bezwen bat kò w konsa,
Tan ou fin pase!
Ou pa bezwen pklenyen konsa,
Ou sanble yon gwo bebe.
Tou sa t-Vice ape fè la-a,
Se gwo koze.
Annou limen balèn pou fanatik yo wè
Sa se verite!»

2000
Jan mwen te di pi wo a, se kòmansman lo a. Kanaval sa a rele Mon kòmandan. Li se yon modèl kanaval polemik konpa.
Gwouv, melodi, pwent, pawòl degize! pa egzanp:

«Sak pay la chire»

Mwen patikilyèman sonje Djaz la k’ap monte delmas 95 ak yonfoul moun ki ap chante:

«Moun agoch yo fè: OU!
Moun adwat yo fè: A!
Sa l’ fè woooo?
«A – OU – A – A»

Evidaman, n’ap konprann ke se pa sa ki tap di sou beton an 🙂

nan ane apre yo polemik la pral pran yon lòt wout. Yon wout ke anpil bon fanatik kanaval te deplore. Pwopozisyon 2 djaz yo ta pral deteryore ni nan nivo mizik ni nan nivo pawòl. Men sa pa dwe fè nou bliye sa pat’ toujou konsa.

Mwen ankouraje nou retande kanaval sa yo. N’a dim’ sa nou panse.

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.