Min YIa yIade La

Albòm pou semenn nan se 3zyèm albòm Scorpio Universel la.

Anpil fanataik konsidere se pi bèl albòm djaz la te pwopoze. (Non! Se pa opinyon pa m’ 😉 )

Men se vre, se te yon albòm ki te make moman li. Li soti an desanm 1978, li rele «Min Yia Yiade la» (Men yayad la).

Kontrèman ak 2 premye albòm djaz la ki te Pike devan (jwe rapid), Min Yia Yiade la te diminye nan tempo mizik yo. Miksaj la te soti pi natirèl tou.

Pè gita-a (Robert Martino ak ÇinÇin) fè yon travay serye sou mizik yo. nan pwen ke anpil moun konsidere yo kounye a kòm pi bèl pè kòd (antouka youn nan pi bèl yo) ke konpa-a konnen.

Yon nan mizik albòm nan, Compas Universel, te preske pèdi non li. Akòz yon erè nan pochèt albòm nan lè yo tap transfere mizik yo de plak a CD, anpil moun vin idantifye mizik la sou non «Tande». (Pwoblèm sa a poze tou nan albòm Konpalojik la)

Poutan Tande se yon lòt mizik li ye. Nou ka jwenn plis detay nan lyen sa a: https://tipiti.biz/site/2012/11/16/pour-une-identification-correcte-de-certains-morceaux-du-scorpio/

Gen kèk kont youtube tou ki idantifye li sou «Tripotage». Men sa se paske te gen yon pwoblèm nan lòd mizik yo afiche sou pochèt yo.

Pi gwo siksè albòm se mizik ki rele «PAS QUITTE ALE» (Pa kite l’ ale). Li gen kòm 2zyèm tit «Min Yia Yiade la», ki pral vin tounen non albòm nan tou.

N’ap jwenn nan lis la tou, yon rege, sa ki pral fin pa rantre nan tradisyon Albòm Scorpio Universel yo ki souvan pwopoze yon rege nan mitan mizik yo.

Mizik prefere pa m’ sou albòm nan se Tripotage (Tripotay). Anplis gita yo, pran tan koute basis la. Bagay move! Se ak li mwen ap envite nou dekouvri oubyen redekouvri albòm Scorpio Universel sa-a, ki tounen yon pyès enkontounab nan bank tout bon koleksyonè ak tout bon melomán Konpa.

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.