TKSK: Yon jan espesyal pou kUit ze !

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Konsèy teknik mwen pote pou nou se « Yon jan espesyal pou kwit ze »!.

Se yon jan senp, rapid, bon pou sante ak ekonomik! Ze a se yon engredyan esansyèl nan manje nou yo. Ke ou sèvi li sou pla, bouyi, mou, poche, ou byen di, plizyè fason pou kwit li, fè ke li prèske enposib pou fatige manje ze!

Men sa pa anpeche itilizatè rezo sosyal yo chak jou ap vini ak lòt jan yon pi orijinal pase lòt. Se konsa sou TikTok yon videyo itilizatè dèyè kont Fastgoodcuisine kote li ap pataje yon teknik etonan pou prepare ze l ‘yo. “Pi bon fason pou kwit yon ze!”, li di.

Li dwe gen rezon fè dyòlè pase Trick li ya gen prèske 3 milyon opinyon

Pou fè resèt sa a, pa gen anyen ki ka pi fasil. Tout sa ou dwe fè se pran yon chodyè fri lwil ou trè cho epi mete an premye, sèlman blan ze a. Yon fwa blan an byen gaye nan chodyè a, ou ka ajoute jòn ze a. Tout sa ki rete se pliye bò yo nan blan ze a sou jònze a epi fi n fri tout bagay sou tou de bò.

Rezilta, yon blan kroustiyan ak yon jòn pafè k ap koule andedan. Yon teknik senp ak entelijan ki pa te kite itilizatè TikTok yo ensansib, depi videyo lage yo gentan gadel pase 2.9 milyon fwa sou rezo sosyal Chinwa a.

@fastgoodcuisine

La meilleure technique pour faire cuire un œuf ! 🍳 Tu connais ?! #pourtoi #oeuf #food #nouriture #recette #tuto

♬ son original – FastGoodCuisine

Randevou kase pou vandredi pwochen pou dòt teknik nan zafè fè manje.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: lesoeufs.ca

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.