PoTE KòD

Nou nan lane 1995.

Alòske kanaval rasin pran peyi a, depi 2zan, tandans konpa a vin gen yon nouvo polemik ki pèmèt li rete popilè. Sweet Micky / Mizik Mizik.

Nan Lane anvan an, Se vre, pakou a pat fasil pou «Rose et blan» an: Mizik Mizik ta pral souke yo fò sou beton an. (Digital te pi move ke tou 2 😉 ). Men, kan menm, Sweet Micky ta pral fè pi bèl kanaval polemik li a: Min toro A (Men Towo a). Kidonk, an 1995, Mizik Mzik te gen pou obligasyon ratrape li. Li ta pral fè sa trè byen ak «Pote kòd».

Se yon repons dirèk ak Kanaval Min Toro A ke nou te pale pi wo a:

«Pote kòd pou nou mare kabrit la,
Ti bèt ak ti figi a»

Epi pi lwen:

«Gad’on kabrit ki gen foli towo»

Djaz la te pwofite fè yon omaj a Coupé Cloué ki li menm te fè yon Kanaval Towo an 1985:

«Kiyès ki towo a?
Coupé Cloué ki towo a!.»

Mereng sa a te nan menm liy 2 premye yo: Pike devan, yon bas ki ap fè ritmik la mache men nan men ak melodi yo, yon kebòd tilandeng anba mizik la, yon pakèt brek pou souke beton san li pa kase kadans kanaval la. Aranjman move move!

Anplis tout sa, Kanaval sa a ta pral jwenn yon ranfò enpòtan: Vwa Eric Charles. Ansyen chantè D.P. Express!

Se tout yon lòt vitès kanaval la pran, se tou tyon lòt gou zòrèy ou jwenn, lè vwa Eric ap konplete Refren «Pote kòd!!! Pote kòd!!!» la ak « Pou nou mare Kabrit la!» (M’ap avwe nou se jou mwen tande kanaval sa-a mwen chanje kan nan polemik la 🙂 )

«Pote kòd», se dènye kanaval ribrik «Koute Kanaval sa-a » pote pou ane a. Mwen swete nou pran tan apresye zèv youn nan djaz (mwen estimen) ki pi konn fè kanaval.

2 Comments

  1. Andryse
    22 février 2022
    Reply

    malerezman jounen jodi a nou pedi vrai essence polemik an kanaval.

    Mesi anpil Tilou, mwen apran anpil sou mizik, sou kanaval, nan ribrik sa yo

    • 22 février 2022

      Mèsi anpil. Sa ap ankouraje nou.

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.