TKSK: Kijan, pou anpeche yon manje kole?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

(Vandredi teknik) Konsèy teknik mwen pote pou nou se «Ki jan, pou anpeche yon manje kole?».

Gen de fwa lè nou mete yon plato nan fou sa rive sa nou mete kwit oubyen chofe ladanl kole nan plato a. Teknik jodiya ap demoutre nou ke nou ka sèvi ak mayonèz pou anpeche manje ya kole nan griy la.

Mwen dakò avèw ke lèw fèk tande ke ou ka bwose tranch vyann ke ou achte byen chè ya ak mayonèz, ou ka twouve sa dwòl ou ka frik menm. Men, chef Michael Cimarusti poto mitan restoran La Providence se yon fanatik rouj teknik saa. Yon kouch mens mayonèz debaz pral anpeche pwason an (ansanm ak yon dividal lòt kalite manje) rete soude nan griyaj ki pwal nan fou oubyen sou dife, epi li pèmèt tou moso vyann lan oswa pwason byen pran koulè.

Mayonèz pèmèt ou byen pase nan plizyè resèt ou pa ta menm panse, tankou gato, pankek, ponmkèt elatriye. (Mwen te gen laperèz tou anvan mwen te eseyel men fè yon tès epi na vin ban nouvèl.)

Randevou kase pou vandredi pwochen pou dòt teknik nan zafè fè manje.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.