TKSK: Kouman pou soulaje oubyen geri otit ?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se samdi jou « kwizin, famasi lakay » jou kote nap konstate ke bagay ki nan kwizin lan ka sèvi medikaman.

Konsey jodi ya se Kouman pou soulaje oubyen geri otit ? mwen vini ak yon remèd senp geri doulè zorèy yo rele otit la.

Remèd natirèl ak radikal pou geri otit byen vit.

Si ou tap chèche yon tretman natirèl pou kalme yon enfeksyon nan zòrèy, jodi a, mwen potel pou ou nan bon jan ti mamit. Nan mwens pase yon demi èdtan, ou pral geri enfeksyon zòrèy ou ki ap fèw très mal.

Remèd sa a gen yon ti non jwèt: metòd doktè SALMANOFF. Li se yon remèd natirèl ak radikal pou geri byen vit otit sitou lèl pranw nan nwit.

Teknik sa a souvan bay yon gerizon konplè, san ou pa bezwen tretman antibyotik. Ou sove yon vizit kay doktè ak medikaman an ki vini ak vizit doktè!

5 etap pou swiv kap dire maksimum 30 minit.

  1. Vlope yon sèvyèt tranpe nan dlo trè frèt nan kou w (mete anpil kib glas nan dlo frèt nan koule a pou egzanp).
  2. Touswit apre sa, aplike sou zòrèy la yon gan twalèt (oubyen yon ti sèvyèt) tranpe nan dlo cho nan yon tanperati alantou 40-43 ° (depreferans itilize yon tèmomèt pou tcheke chalè ya).
  3. Chak 5 minit, rafrechi sèvyèt la epi chofe gan an nan tranpel nan dlo cho a. Ranplase yo sou zòrèy ki afekte a.
  4. Repete etap 3 ak 4 fwa sa a pral pran apeprè 20 minit. Menm si ou jwenn ke doulè a bese deja apre 5 minit, ou toujou bezwen fè 20 minit yo nan tretman an pou yon rezilta optimal.
  5. Pou fini aplike 2 gout sitwon (fwi a, pa lwil esansyèl sitwon) nan zòrèy ki fè mal la.

La ou konnen ki jan yo trete enfeksyon nan zòrèy. Menm si malad la dil santil bon, ou dwe repete tretman an 30 minit ankò nan demen. Epitou sonje kontinye pandan 3 jou aplikasyon 2 gout sitwon an nan zòrèy la, de fwa pa jou.

Metòd sa a ka aplike pou granmoun kòm pou ti bebe ki gen enfeksyon nan zòrèy. Koulye a, ou konnen ki sa pou w fè nan mitan lannwit pou soulaje pitit ou a ki ap kriye ak doulè! Li se yon tretman natirèl pou soulaje otit byen vit.

Sa ap ba w tan pou w pran randevou ak doktè a. Pa neglije etap sa a. Li esansyèl pou yon doktè egzamine otit la pi vit posib.

Bon samdi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

foto : vicodellaforma

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.