TKSK: Se ou ki ap fè foto a se pa kamera

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Nan seri aprann fè foto manje konsey jodi ya ap diw a klè yon verite ki ka deranjew petèt. Gen anpil moun ki bliye sa epi yo panse se achte dènye telefòn lan ou byen denye kamera ki ap fè yo byen pase nan zafe fè foto manje.

17 – Se ou ki ap fè foto a se pa kamera !

Sispan sèvi ak kamera oubyen telefòn ou tankou yon mitrayèt
Sa rive byen souvan depi nou gen yon telefòn nèf (byen chè) oubyen yon gwo kamera nan men nou anvi pran foto tout bagay nan resepsyon nou ap fè foto pou li ya. Pou nou bay tèt nou rezon nou di ma chwazi pi bon an epi ma efase lòt yo Konsèy jodi ya se siw kon fè sa sispan pase se yon gaspiyaj tan, enèji, memwa epi se pa vre ke nap gen tan ak pasyans chwazi 10 foto nan 500 foto. Gen yon kote nap pran premye sa nou jwenn lan epi bay lòt yo vag …

Souvan lèm gen poum fè yon seyans foto manje mwen fè yon premye pase gade tout bagay san pran yon grenn foto. Se kòm si mwen tap fè foto ak jem epi gade ki pi bèl jan mwen pwal ka pran vreman pi bon epi pi bèl poz yo…

Eksperyans dwe gen priyorite sou ekipman yo!

Li vreman tantan pou envesti nan yon ekipman dènye kri. Men, pa gen okenn gwo foto ki se travay kamera a pou kont li. Li soti nan yon konesans ekipman an, ak metriz règ fotografi yo epi ak ki pati nan ou ke ou mete nan foto a. Sa mande ke ou gen yon bagay pou di ak foto a, esperyans ou ak imajinasyonw. Se poutèt sa pi bon pou sèvi ak yon aparèy bon mache ke ou konnen byen pase pou sèvi ak ekipman chè ki yon pakèt reglaj ki se chinwa pou ou. Epi pran yon ti tan pou swiv sa lòt fotograf fè pou pa oblije nesesèman refè menm gagòt yo pou aprann.

Si ou vle fò nan fè foto manje pran yon pòm fè fotol pandan 2 semenn chak jou san ou pa janm gen 2 foto ki menm, sa ap oblijew aprann konnen materyèl ki nan menw lan epi fè imajinasyonw travay

Pase yon bon madi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

foto : superprof

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.