TSKS: Kijan, pou fè Cookies ou gen pi bon gou?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

(Vandredi teknik) Konsèy teknik mwen pote pou nou se «Kijan, pou fè Cookies ou gen pi bon gou?».

Pou Cookies ou gen pi bon bon gou, kite pàt la rete repoze pandan plizyè jou.

Mwen prèke si ou menm jan avèm. Mwen te toujou kwè ke Cookies yo ta dwe kwit imedyatman apre mwen fin fè farin lan. Men sa pa gen twò lontan mwen te aprann ke se te yon erè. Sekrè ya sè ke engredyan sèk yo gen plis tan pou yo absòbe imidite ak kreye pi bon teksti lè ou kite yo a lè lib pou yon bon ti tan avanw kwit yo.

Moun ki pi fò nan Cookies chokola, moun ki telman gen siksès ke yo ta menm vle di ke se li ki envante bagay saa di ke ou dwe kite farin ou repoze pou 36 èdtan pou pi piti (1 jou edmi). Eseye teknik saa epi na vinn banm nouvèl

Randevou kase pou vandredi pwochen pou dòt teknik nan zafè fè manje.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.