TKSK: kouman pou anpeche kranp ak doulè

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se samdi jou « kwizin, famasi lakay » jou kote nap konstate ke bagay ki nan kwizin lan ka sèvi medikaman.

Konsey jodi ya se Kisa ki ka ede oubyen anpeche doulè kranp? mwen vini ak yon sekrè senp ke ou te ka pa panse fè.

Men kouman pou anpeche kranp ak doulè

Èske w ap chèche yon fason pou soulaje doulè nan kò ou? Oswa pi rèd toujou pou evite yo! Kranp oswa doulè souvan soti nan kontraksyon miskilè akòz yon efò. Lè ou ap fè espò, ou gen anpil chans pou gen doulè kèk èdtan apre sesyon an oswa jou kap vini apre yan. Erezman, atlèt yo konnen kèk bon ti remèd efikas pou diminye oswa jere sa. Si ou gen tandans fè kranp oswa ou vle evite doulè, sekrè ki fè prèv li se bwè lèt.

Ki jan fè ou fè sa ?

  1. Pran yon vè lèt bèf oswa lèt legim anvan antrennman ou.
  2. Pran yon lòt pwodwi letye apre antrennman ou. Lè sa a, doulè ak kranp yo pral disparèt.

Poukisa sa mache ?

Kontraksyon nan misk yo, kreye molekil asid laktik ki anpeche liberasyon kalsyòm. Lè saa sa redi misk yo, ki mennen nan kranp oswa doulè. Yon nouvo dòz kalsyòm pral soulaje misk ak kranp yo epi redwi entansite yo.

Li bon pou w toujou gen yon ti boutèy oswa yon katon lèt nan sak espò ou! Anplis seyans detire nòmal ou dwe fè nan kòmansman ak nan fen seyans la, li enpòtan pou pran dòz kalsyòm ou. Men, si ou fè alèji ak lèt bèf, gen lèt soya oswa lòt lèt ki baze sou plant ki fòtifye ak kalsyòm.

Bon samdi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

foto : vicodellaforma

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.