TKSK: «CONTISER»

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Lendi se jou jagon.

Mo teknik pou jodiya se «CONTISER». Mwen si se pa yon mot ou abitye tande ? Sa se yon tèm teknik ki plis sèvi nan espas pwofesyonèl la, men lèm fin diw li wap wè se yon bagay ke ou konn fè deja …

KONTIZE
Lè ou fèk pantan sou mo saa ou ka sispèk ke li sanble ak koutize (e byen non, li pa gen anyen pou wè ak koutize, oubyen file yon moun). Contiser vle di fè yon ensizyon nan po a, pou mete yon lòt engredyan. Nan ka bèt volay, yo fè sa souvan foure anba po zwazo a sezonman ak bè, epis, trufl, lay … pou bay vyann lan gou, pou li pa frèt menm lèw finn kwit li.

Ou ka kontize yon pwason pou mete nan ensizyon yo truf oubyen epis pou bal gou.

Pase yon bon lendi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: gastronomiac.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.