TKSK: Ouvèti kamera a, pou kontwole limyè ak kreyativite ou.

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Nan seri aprann fè foto manje konsey jodi ya rantre yon ti jan pi fon nan detay teknik kamera a pou ka byen pase nan zafe fè foto manje.

18 – Byen jere ouvèti kamera a, pou ka kontwole limyèw, ak kreyativitew… !

Kontwol limyè

Ouvèti kamera gen rapò ak yon eleman mekanik nan lantiy la ki rele “dyafragm”. Ogmante dyamèt li kite rantre plis limyè, epi redwi li pou kite antre mwens limyè, pou ka genyen yon imaj plis oswa mwens klè.

Sa lojik epi senp. Men gwosè ouvèti yo mezire an f/ yon valè. Sa ki ka twoublew (epi kreye konfizyon) sè ke plis ouvèti ya pitit nan lantiy ou a, se pi gwo valè f/ la ye (pase se yon kantite ki pwal divise f la). Kontrèman, pou yon pi gwo ouvèti lantiy ou a, se pi piti valè f/ la ap ye.

En gwo yon foto manje mwen fè à F/32 gen 2 fwa mwens limyè ke menm foto sa mwen ta refè touswit san deplase, san bouje kamera a ouvèti F/16

Kontwol sou kreyativite

Ouverture a afekte netteté nan imaj la dapre yon nosyon fondamantal nan fotografi: Profondeur de champ. Li detèmine yon zòn « netteté » (zòn kote bagay ki nan fotot a klè) ki ekziste devan ak dèyè pwen « netteté » ya.

Yon pwofondè de chan ki pa fon pwovoke yon zòn « netteté » redwi, pandan yon gwo pwofondè de chan lakòz yon zòn « netteté » ki pi gwo. Lè w konprann ki jan ouvèti afekte pwofondè de chan an, ou louvri pòt la nan kreyativite nèt al kole.

Lè ou fin maton menm ou pwal koumanse fè yon seri foto kote moun ka pèmèt yo diw dyòlè se pa ou ki fè foto saa, oubyen se fotochòp lè saa se pa fache pou fache se souri pou souri pase sa vle di ou rive nan estad bay defi ya… Parekzanp ou ka fè yon foto kiyè sik kote sik la klè kou dlo kòk menm manch kiyè ya flou. Se yon bon fason pou mete sik la an valè !

Pase yon bon madi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

foto : laphotoculinaire / Jeancoutu / divinemenciel

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.