TSKS: 3 Sekrè pou konsève yon moso sitwon

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Konsèy teknik mwen pote pou nou se « 3 Sekrè pou konsève yon moso sitwon ».

Ou bezwen sèlman mwatye yon sitwon epi ou pa konnen kisa pou w fè ak lòt mwatye a? Eske nou oblije mete mete lòt mwatye ya a nan fatra ? Erezman, non ! Gen jan pou kenbe yon moso sitwon A ase pi lontan…

Plizyè solisyon posib pou konsève yon rès sitwon. Men 3 konsèy pou ou pa oblije mete mwatye sitron an nan fatra.

  1. Vinèg blan

Definitivman vinèg blan sa a, li ka itilize pou yon dividal bagay. Pou kalme kout solèy nan vakans sou plaj yo, adousi lesiv oswa kalme piki moustik… Pou konsève mwatye sitwon ou a ak vinèg, li trè senp. Jis mete yon ti vinèg nan yon sokoup. Apre sa, mete sitwon an fas anba nan sokoup ki te ranpli avèk vinèg la.

  1. Sèl fen

Sa a se yon dezyèm opsyon ki ase fasil pou fè. Nou konnen benefis ak enkonvenyan sèl. Li ede nou byen netwaye chodyè nou yo ak kaswòl nou yo. Koulye a, li pral pèmèt nou konsève moso sitwon. Mwen mete enpe sèl sou pati koupe nan sitwon pou li ka konsa prezève pi lontan. Pou itilize li koupe yon ti tranch sitwon pou elimine pati sale a.

  1. Dlo

Finalman, solisyon an twazyèm e petèt pi senp la, se dlo. Jis ranpli yon vè ak dlo epi tranpe sitwon koupe ya nan li, tèt anba. Yon fwa lap benyen nan dlo a, li pral dire kèk jou plis nan yon kondisyon pafè.

Konbyen tan sitron koupe nou yo ka kenbe?

Tout depann sou kote mwen konsève sitron mwen yo. Nan tanperati nòmal, ou ka estoke sitron yo pou 1-2 semèn. Nan frijidè a, yo pral kenbe pou 2 a 3 semèn. Yo ka kenbe pou 3 mwa lè yo plonje nan yon bòl dlo trè frèt, ke ou chanje chak jou epi kite nan frijidè a. Epi konnen ke sa ka fèt pou sitron vèt osi byen ke sitwon jòn.

Randevou kase pou vandredi pwochen pou dòt teknik nan zafè fè manje.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.