TKSK: Kijan pou kwape Ilsè Lestomak

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se samdi jou « kwizin, famasi lakay » jou kote nap konstate ke bagay ki nan kwizin lan ka sèvi medikaman. Konsey jodi ya se Kijan pou kwape Ilsè Lestomak?.

Li twoublan jan nou abòde pwoblèm sante nou yo. Lè nou malad nou panike, nou bliye ke granmoun nou yo te konn fè remèd pou nou san depanse anpil lajan nan pwoblèm ke nou te ka rezoud ak yon ti kras lajan oswa san lajan menm. Se pou rezon saa mwen deside nan samdi ki ap vini la yo moutre n kouman manmanm ak grann mwen te konn trete plis pase 35 maladi ak remèd fèy.

  1. ILSÈ LESTOMAK

Jwenn 7 a 8 bannann (planten) ki pa mi, kale yo, koupe yo an moso epi pile yo. Mete tout bagay nan yon veso plastik, plen li ak 3 lit dlo. Kite l fèrmante pandan twa jou. Pran yon tas de fwa pa jou pou yon semèn. Epi vi n dim kote ilsè a fè.

Menm fèy bannann lan bon pou ilsè « mucilages » yo (pati ki tankou pave glise ya) nan bannann lan ak nan fèy bannann lan ede trete blesi mukozal yo nan ka ilsè.

Resèt la: mete 50 g fèy bannann fre ak 20 g rasin reglis byen kraze nan 1 lit dlo prèske bouyi. Apre kitel repoze pandan 15 a 20 minit. Ou ta dwe bwè li plizyè fwa nan jounen an, pou 5 à 7 jou. Men atansyon vèsyon remèd sa a pa rekòmande pou moun ki fè tansyon wo, paske li gen reglis landanl. Si ou fè tansyon fè premye rèmèd la sèlman.

Bon samdi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

foto : selection.ca

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.