TKSK : Pen bagèt ak sèlman 4 engredyan

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Gen moun lè yap manje fòk gen pen kan menm. Genyen se pen bagèt pou yo manje. Banm pataje avèk nou yon konsèy sou ki jan pou fè pen bagèt ULTRA FASIL ak sèlman 4 engredyan!

Pa gen anyen ki pi bon pase manje pen ki fèk kwit! Bon nouvèl la se ke fè bagèt ou li senp ak ekonomik.

Anplis de sa, ak resèt majik sa a, ou pa menm bezwen petri farin lan oswa pou ta genyen yon machin pen! An tèm de engredyan, sèl saw bezwen se: farin, leven, sèl ak dlo.

Rezilta a ase etonan, paske li tèlman senp epi rapid pou fè. Men resèt majik san petri pen yan super fasil:

Engredyanwap bezwen.

  • 375 g farin ble T55 oswa T45
  • 5 g leven boulanjri sèk oswa fre
  • 1 ti kiyè sèl fen
  • 30 cl dlo tyèd
  • kiyè an bwa
  • 1 gwo bòl salad
  • 1 sèvyèt pwòp

Ki jan pou fè sa ?

Preparasyon: 5 min – Kwit pen yan: 20 min – Kantite Pou fè 2 gwo bagèt (oubyen 4 tipiti)

  1. Mete tout engredyan yo nan bòl salad la.
  2. Avèk kiyè an bwa a, melanje engredyan yo jiskaske ou jwenn yon farin kolan.
  3. Chofe fou a 40 ° Epi apre sa, etenn li.
  4. Kouvri bòl la ak sèvyèt la epi mete l nan fou etennla pou yon èdtan.
  5. Retire bòl la nan fou a lè farin lan double nan gwosè.
  6. Koulye a, divize farin lan an mwatye sou sifas travay la.
  7. Fòme de bagèt yo ak men w pandan wap ajoute yon ti farin.
  8. Anvanw kwit yo, fè kèk ti chankre sou bagèt yo ak pwent yon kouto.
  9. Mete bagèt yo nan fou a pou 20 min nan 240 ° C, mete yon vè dlo sou plato ki pwal nan fou a.
  10. Retire yo le yo pran koulè dore ya.

Bagèt ou deja pare pou manje 🙂 Fasil, rapid ak bon gou, pa vre?

Li etonan pou kapab fè pwòp pen ou fasil epi byen vit konsa. Konnen ke li nòmal pou pa jwenn yon bagèt bèl tankou nan boulanje a. Men, si ou vle, ou ka sèvi ak yon moul pou bagèt, byen ke li ka fèt trè byen san li. Vreman vre, bagèt ou yo pa bezwen vizyèlman pafè pou yo gen bon gou! Resèt sa a fè 2 bagèt gwosè nòmal oswa 4 mini bagèt. Ou ka voye sou bagèt ou yo tou yon ti farin, grenn (pavot, wowoli, elatriye), ti zèb fi n oswa menm nwa pile. Tout sa posib!

Konsèy anplis
Pou farin bagèt la ka kroustiyan, trik la se mete yon vè dlo sou plato wap fèl la. Sa a kenbe atmosfè a imid pandan tout tan pen ap kwit la, ede farin lan leve pi byen nan fou a.

Pou konnen si pen an kwit, frape li ak yon gwo kiyè. Si ou tande yon son kre, sa vle di li pare pou ou retirel nan fou a.

Bon mèkredi !

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.