TKSK: Eske mikwoond detwi valè nitrisyonèl manje?

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se dimanch jou lejann oubyen verite. Kesyon nou gen pou ou jodi ya eske pawòl ki di mikwoond detwi valè nitrisyonèl manje ya eske se foulay ou byen verite sou tanbou ?

Kontrèman ak kèk rimè, mikwoond lan pa detwi valè nitrisyonèl manje piplis pase lòt metòd pou kwit manje lè ou itilizel kòrèkteman.

Pi rèd toujou, kwit manje nan mikwo ond ak kwit manje ala vapè, se meyè jan pou kenbe vitamin ak mineral nan legim yo.

Sepandan, tout metòd pou kwit manje lakòz yon sèten pèt nan eleman nitritif yo, patikilyèman sila yo ki gen vitamin ki pi sansib ak chalè (egzanp vitamin B ak C). Pou diminye pèt nitrisyonèl sa yo pandan wap kwit manje, gen de règ pou aplike: kwit manje byen vit, epi nan mwens dlo ke posib. Se poutèt sa kwit manje nan mikwo ond lan sove yon bon pati nan eleman nitritif yo !

Pase yon bon dimanch.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: chefsimmon.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.