TKSK: Resèt orijinal KFC

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Konsèy teknik mwen pote pou nou se « Kouman pou fè poul fri KFC swivan rèsèt orijinal la ».

Depi 1940, KFC te kenbe resèt poul li ya sekrè. Men, dènyèman, yon jounal Ameriken finalman pibliye resèt 11-epis la. Se neve Kolonèl Sanders, fondatè anblèm KFC, ki revele li nan Chicago Tribune. Li te jwenn resèt poul KFC ya, nan yon vye kaye ki te nan men dezyèm madanm Kolonèl Sanders la.

Natirèlman, sa a se yon bon nouvèl! Li pral evite ou soti ale nan restoran « fast food » sa a kote ou pa menm konnen ak ki kalite vyann yo fè poul fri ya … Apre plizyè ane ap tann, ou pral finalman kapab fè poul KFC lakay ou. Ou pral wè, li pa trè konplike e li pi bon pase sa ki nan estoran an:

Men engredyan pou 4 moun.

  • 250 g farin
  • 2/3 gwo kiyè sèl
  • 1/2 gwo kiyè ten seche
  • 1/2 gwo kiyè bazilik seche
  • 1/3 gwo kiyè marjolèn seche
  • 1 gwo kiyè sèl seleri
  • 1 gwo kiyè pwav nwa moulen
  • 1 gwo kiyè moutad an poud
  • 4 gwo kiyè paprika dous
  • 2 gwo kiyè sèl lay
  • 1 gwo kiyè jenjanm an poud
  • 3 gwo kiyè pwav blan
  • 125 g krèm frèch
  • 1 ze bat
  • 1 poul, koupe an moso (koupe blan poul yo an 2 pou yo ka byen kwit)
  • Lwil Colza

Ki jan pou kwit li?
• Tan pou kwit manje: 30 minit
• Tan pou poul la marinen: 20-30 minit
• Tan pou fri: 15-18 min

Men etap yo

  1. Melanje farin lan ak tout epis santi bon yo nan yon gwo veso.
  2. Melanje ze bat la ak krèm frèch la nan yon lòt veso.
  3. Mete moso poul yo nan melanj ze/krèm la. Kite tout bagay nan tanperati nomal pou 20 a 30 minit.
  4. Retire moso poul yo nan melanj ze/krèm lan. Kite yo degoute nan veso a pou yon ti moman pou etire marinad ki ta anplis sou poul la.
  5. Tranpe moso poul yo nan melanj farin/epis la jiskaskew kouvri yo nèt.
  6. Kite moso poul yo poze sou yon griy oubyen yon plato, pou 20 min.
  7. Pandan se tan, prepare bengn lwil pou fri ya. Vide 7-8 cm nan lwil kolza nan yon chodyè ki pwès.
  8. Chofe lwil la yon chalè mwayen, jiskaske li rive nan yon tanperati 175 ° C. Pou tcheke tanperati a, sèvi ak yon tèmomèt kwizin nan premye fwa wap fèl la.
  9. Yon fwa tanperati a rive nan 175 ° C, redwi chalè an ankò.
  10. Plonje 3 a 4 moso poul nan bengn lwil la jiskaske yo byen pran koulè (pou 15 a 18 min). Vire yo yon fwa sèlman pandan yap fri ya.
  11. Fè aranjman moso poul yo nan yon plat epi kouvri ak yon sèvyèt papye (pou etire enpe grès).

Kounye a ou konnen resèt sekrè poul KFC. Pa bezwen ale nan KFC pou manje l! (dayè si ou ayiti bagay konsa pa ekziste ankò nan moman map ekri konsèy saa) Ou ka jere tèt ou yon ti KFC nenpòt lè ou vle!

Randevou kase pou vandredi pwochen pou dòt teknik nan zafè fè manje.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: lexpress.fr

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.