TKSK: Grenn mango pou konbat opresyon

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

Jodi ya se samdi jou « kwizin, famasi lakay » jou kote nap konstate ke bagay ki nan kwizin lan ka sèvi medikaman. Konsey jodi ya se Kouman pou konbat opresyon ak gren mango?.

  1. OPRESYON (ASTHME)

Jwenn grenn mango, koupe yo an moso epi kite yo sèk nan solèy. Moulen yo jouk yo tounen poud.

Mete yon kiyè poud grenn mango a nan yon tas dlo, brasel epi bwèl. Yon fwa pa jou pandan 3-4 semèn.

An jeneral, moun ki manje anpil fwi ak legim gen tandans gen poumon pi janm ke moun ki pa fè sa. Se poutèt sa fòk ou pwofite chak sezon manje fwi ki anvayi mache ya pou ka plen kòw ak vitamin epi mineral.

Ajoute omega-3 ak asid gra nan saw manje. Omega-3 ak asid gra, natirèlman prezan nan lwil pwason tankou aran, makro, somon, sadin, ton fre, yo demontre ke sa yo ede diminye enflamasyon nan poumon.

Chèche manje ki gen mayezyòm. Manyezyòm nesesè pou misk yo byen fonksyone epi li bon pou moun ki fè opresyon. Li detann misk ki ozalantou tib bwonch yo. Ou jwen manyezyòm nan anpil manje: grenn antye (pat ble antye, kinoa, diri mawon), nwa (pistach, nwaye, nwazèt, nwa), grenn (grenn joumou, grenn wowoli ak tounsòl), legum (pwa kwit, pwa ren), chich) ak fwidmè (moul, makro, somon, sadin).

Aprann jere estrès
Byen jere estrès ka aji kòm yon tretman natirèl pou opresyon. Vreman vre, estrès se yon alimèt bò kote gazolin opresyon. Opresyon pa danse kole ak fè kòlè, strès epi pale anpil…

Bon samdi

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

foto : epices-review.com

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.