TKSK: Konsève tomat avèk gou li

Ti Konsèy Sou Kuizin avèk chèf Jéach

(Vandredi teknik)

Konsèy teknik mwen pote pou nou se « Kouman pou konsève tomat ou sanl pa pèdi gou ? ».

Anpil nan nou kenbe tomat nou yo nan frijidè. Espesyalman lè li fè cho, pase nou pè ke yo pral vin mi twò vit. Sepandan, ou ka pa konnen li, men tanperati frè la fè tomat pèdi tout gou yo, kèlkeswa sezon an. Alòs, kisa pou fè?

Jan li pi bon pou sere tomat ou yo, se nan yon panyen oswa yon bòl salad, men jamè nan frijidè a. Pou anpeche yo gate nan kèk jou, evite mete yo toupre fenèt la. Chanjman tanperati a ta lakòz yo vin mou ak pouri. Pa mete yo non plis nan solèy la ki ta fè tomat la mi twò vit.

Yon lòt bagay enpòtan tou se lave yo sèlman lè ou pwal manje yo, pa avan. Sa ap fè yo kenbe tout kalite gou yo. Menm si ou gen yon tomat koupe sou men ou, menm teknik saa ka sèvi pou estoke yo menm jan an.

Randevou kase pou vandredi pwochen pou dòt teknik nan zafè fè manje.

Jéach 2022

Ti Konsèy Sou Kuizin se yon ribrik ki anime pa Jéach (G.H.) Sou gwoup Whatsapp Rezo Passions ki rele Passion Gastronomie. Sou gwoup Whatsapp la, ribrik la pibliye sou non YonTiKonsèyChakJou

Foto kouvèti: leparfait.fr

Soyez le premier à commenter

Laisser un commentaire

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée.